{"id":37145,"date":"2024-11-12T13:13:48","date_gmt":"2024-11-12T18:13:48","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/etazini-gentan-bliye-garry-conille-salye-arive-alix-didier-fils-aime\/"},"modified":"2024-11-12T13:13:48","modified_gmt":"2024-11-12T18:13:48","slug":"etazini-gentan-bliye-garry-conille-salye-arive-alix-didier-fils-aime","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/etazini-gentan-bliye-garry-conille-salye-arive-alix-didier-fils-aime\/","title":{"rendered":"Etazini gentan bliye Garry Conille, salye arive Alix Didier Fils-Aim\u00e9"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Nan yon n\u00f2t li rann piblik madi 12 novanm 2024 sa a, Depatman Deta ameriken an f\u00e8 konnen \u00ab apre diskisyon entansif ak pati yo, Etazini rekon\u00e8t Kons\u00e8y Prezidansy\u00e8l Tranzisyon an (CPT) ann Ayiti ak Premye Minis Garry Conille pa t kapab avanse yon fason konstriktif, e nou pran n\u00f2t desizyon CPT a pou nonmen sikses\u00e8 l \u00bb. Konsa, Etazini di yo kontan pou travay ak nouvo Premye minis Alix Didier Fils-Aim\u00e9 ak CPT a pou f\u00e8 priyorite ijan yo avanse nan mwa k ap vini yo.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>\u00ab Etazini rem\u00e8sye tou ansyen Premye minis Conille pou s\u00e8vis distenge li rann peyi l \u00bb, nou ka li nan dokiman an kote Tonton Sam felisite sa l rele angajman CPT a ak nouvo premye minis lan pou pibliye yon plan aksyon konjwen ki dekri vizyon yo pou amelyore sekirite ak gouv\u00e8nans, epi trase wout pou eleksyon lib e ekitab.<\/p>\n<p>\u00ab Etazini konsidere li esansy\u00e8l pou yo delimite kl\u00e8man w\u00f2l ak responsablite CPT a anv\u00e8 premye minis lan e pou yo mete mezi pou yo youn ka f\u00e8 l\u00f2t rann kont, si sa neses\u00e8, pandan y ap evite l\u00f2t blokaj \u00bb, n\u00f2t la kontinye.<\/p>\n<p>Tankou yon mesaj pou konseye-prezidan kowonpi yo, Etazini souliye li enperatif tou pou pwomouvwa responsabilizasyon anndan CPT a pou kenbe kredibilite l devan p\u00e8p ayisyen an ak kominote ent\u00e8nasyonal la. Anplis, yo ajoute, bezwen grav e imedya p\u00e8p ayisyen an egzije pou gouv\u00e8nman tranzisyon an privilejye gouv\u00e8nans olye enter\u00e8 p\u00e8son\u00e8l akt\u00e8 politik yo k ap f\u00e8 konkirans.<\/p>\n<p>\u00ab Etazini rete f\u00e8m nan det\u00e8minasyon yo pou sip\u00f2te p\u00e8p ayisyen an, ki ap f\u00e8 fas ak nivo istorik vyolans, ensekirite alimant\u00e8 ak deplasman \u00bb, dokiman an konkli.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan yon n\u00f2t li rann piblik madi 12 novanm 2024 sa a, Depatman Deta ameriken an f\u00e8 konnen \u00ab apre diskisyon entansif ak pati yo, Etazini rekon\u00e8t Kons\u00e8y Prezidansy\u00e8l Tranzisyon an (CPT) ann Ayiti ak Premye Minis Garry Conille pa t kapab avanse yon fason konstriktif, e nou pran n\u00f2t desizyon CPT a pou nonmen [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":31,"featured_media":17815,"comment_status":"","ping_status":"","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-37145","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37145","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/31"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37145"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37145\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/17815"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37145"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37145"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37145"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}