{"id":37072,"date":"2024-12-27T20:25:40","date_gmt":"2024-12-28T01:25:40","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/alix-didier-fils-aime-gwo-pwomes-ak-zewo-aksyon-konkre\/"},"modified":"2024-12-27T20:25:40","modified_gmt":"2024-12-28T01:25:40","slug":"alix-didier-fils-aime-gwo-pwomes-ak-zewo-aksyon-konkre","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/alix-didier-fils-aime-gwo-pwomes-ak-zewo-aksyon-konkre\/","title":{"rendered":"Alix Didier Fils-Aim\u00e9, gwo pwom\u00e8s ak \u00ab zewo \u00bb aksyon konkr\u00e8"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Gentan plis pase yon mwa depi Premye minis <a href=\"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/fils-aime-lage-kont-gang-kriminel-an-kravat\/\" class=\"h24-lien-ctx\">Alix Didier Fils-Aim\u00e9<\/a> enstale nan fonksyon Premye minis li. Kisa gouv\u00e8nman l f\u00e8? Anyen, s\u00f2f pwom\u00e8s. Poutan, ch\u00e8f Primati akty\u00e8l la pa gen \u00ab tan gras \u00bb, akoz ijans sitiyasyon an ki mande rezilta konkr\u00e8, sitou nan zaf\u00e8 sekirite.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Alix Didier Fils-Aim\u00e9, tankou predeses\u00e8 l anvan l, pa gen baton majik. Se yon reyalite. Men, ann Ayiti, chak jou se yon let\u00e8nite pou anpil fanmi ki lage nan kan f\u00f2tin, nan lari, akoz vyolans gang ame yo. Kidonk, Premye minis lan gen devwa pou l aji vit, tr\u00e8 vit, pou soulaje miz\u00e8 popilasyon an omwen yon ti kras. Men, malerezman, Alix Didier Fils-Aim\u00e9 ap s\u00e8lman miltipliye pwom\u00e8s sekirite, mezi pou demantle gang ame yo. Men, alafen, anyen pa f\u00e8t. Bann krimin\u00e8l yo ap ranf\u00f2se, y ap pran plis teritwa toujou.<\/p>\n<p>Apre plis pase yon mwa gouv\u00e8nans, sa moun sonje se \u00ab plat cho \u00bb Premye minis lan te distribye bay k\u00e8k fanmi deplase. Poud nan je! Pou goumen kont ensekirite, kont kriz imanit\u00e8, kont koripsyon\u2026, okenn vr\u00e8 mezi pa pran, okenn aksyon pa poze. Paw\u00f2l, paw\u00f2l, se paw\u00f2l s\u00e8lman!<\/p>\n<p>Ogmantasyon \u00ab Ti kat \u00bb polisye yo pa bay, omwen poko bay, yon ranf\u00f2sman prezans f\u00f2s l\u00f2d yo nan lari yo. Okontr\u00e8, popilasyon k\u00e8k katye plis pase janm lage pou kont li. Kil\u00e8 fo pwom\u00e8s yo ap fini? Se yon kesyon ki rete san repons.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Gentan plis pase yon mwa depi Premye minis Alix Didier Fils-Aim\u00e9 enstale nan fonksyon Premye minis li. Kisa gouv\u00e8nman l f\u00e8? Anyen, s\u00f2f pwom\u00e8s. Poutan, ch\u00e8f Primati akty\u00e8l la pa gen \u00ab tan gras \u00bb, akoz ijans sitiyasyon an ki mande rezilta konkr\u00e8, sitou nan zaf\u00e8 sekirite. Alix Didier Fils-Aim\u00e9, tankou predeses\u00e8 l anvan l, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":51,"featured_media":18077,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-37072","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37072","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/51"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37072"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37072\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/18077"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37072"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37072"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37072"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}