{"id":37023,"date":"2025-01-21T08:34:18","date_gmt":"2025-01-21T13:34:18","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/ensekirite-otorite-kouri-potoprens-kanaval-folibete\/"},"modified":"2025-01-21T08:34:18","modified_gmt":"2025-01-21T13:34:18","slug":"ensekirite-otorite-kouri-potoprens-kanaval-folibete","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/ensekirite-otorite-kouri-potoprens-kanaval-folibete\/","title":{"rendered":"Ensekirite: otorite yo kouri kite P\u00f2toprens e yo \u00f2ganize \u00ab Kanaval nasyonal \u00bb la nan F\u00f2lib\u00e8te"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Se Minis kilti ak kominikasyon an, Patrick Delatour, ki anonse nouv\u00e8l la samdi 18 janvye 2025. Se F\u00f2lib\u00e8te (N\u00f2d\u00e8s) ki pral resevwa kanaval nasyonal la 2, 3 ak 4 mas 2025. Ak desizyon sa a, gouv\u00e8nman tranzisyon an ansanm ak Kons\u00e8y prezidansy\u00e8l la konfime enpisans yo devan gang ame ki kontwole plis pase 80 % z\u00f2n metwopolit\u00e8n P\u00f2toprens.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Kil\u00e8 swadizan otorite yo pral sispann kouri pou bandi ame yo? Se kesyon tout moun ap poze. Sit istorik yo, Pon Wouj, Plas dam Gonayiv e menm MUPANAH, pa resevwa f\u00e8t nasyonal ak manifestasyon kiltir\u00e8l depi k\u00e8k tan. Rezon: anvayisman anpil teritwa pa gang ame yo f\u00e8 Prezidan-konseye yo, Premye minis lan, minis yo ki f\u00e8men k\u00f2 yo nan Vila Ak\u00e8y p\u00e8.<\/p>\n<p>An definitiv, delokalizasyon kanaval P\u00f2toprens lan se yon temwayaj kl\u00e8 endiferans swadizan otorite yo ki, olye yo travay pou yon retou sekirite jeneral ann Ayiti, ap ch\u00e8che fo alt\u00e8nativ. Tankou si yon katastw\u00f2f natir\u00e8l te frape kapital la e f\u00f2 yo te reyalize kanaval nasyonal la k\u00e8lkeswa pri a, gouv\u00e8nman Alix Didier Fils-Aim\u00e9 a pati san wont ni skrupil pou N\u00f2d\u00e8s pou reyalize gwo manifestasyon kiltir\u00e8l sa a. Poutan, sa ki esansy\u00e8l pou f\u00e8 se mennen lap\u00e8 nan peyi a e p\u00e8m\u00e8t kanaval nasyonal la reprann plas li nan P\u00f2toprens. Sa s\u00e8lman!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se Minis kilti ak kominikasyon an, Patrick Delatour, ki anonse nouv\u00e8l la samdi 18 janvye 2025. Se F\u00f2lib\u00e8te (N\u00f2d\u00e8s) ki pral resevwa kanaval nasyonal la 2, 3 ak 4 mas 2025. Ak desizyon sa a, gouv\u00e8nman tranzisyon an ansanm ak Kons\u00e8y prezidansy\u00e8l la konfime enpisans yo devan gang ame ki kontwole plis pase 80 % [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":31,"featured_media":18194,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372,4379],"tags":[],"class_list":["post-37023","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite","category-kilti"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37023","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/31"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=37023"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/37023\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/18194"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=37023"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=37023"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=37023"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}