{"id":36965,"date":"2025-02-25T21:06:44","date_gmt":"2025-02-26T02:06:44","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/lage-alix-didier-fils-aime-rameau-normil-touye-nou\/"},"modified":"2025-02-25T21:06:44","modified_gmt":"2025-02-26T02:06:44","slug":"lage-alix-didier-fils-aime-rameau-normil-touye-nou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/lage-alix-didier-fils-aime-rameau-normil-touye-nou\/","title":{"rendered":"\u00ab Lag\u00e8 \u00bb ant Alix Didier Fils-Aim\u00e9 ak Rameau Normil ap touye nou!"},"content":{"rendered":"<p><strong>Bagay yo cho ant Premye minis Alix Didier Fils-Aim\u00e9 ak Direkt\u00e8 jeneral polis nasyonal la, Rameau Normil. An gwo, ch\u00e8f gouv\u00e8nman an vle revoke k\u00f2mandan an ch\u00e8f PNH a k\u00e8lkeswa pri a. Pou ki rezon? Yo di Rameau Normil pa fasilite k\u00e8k \u00ab aktivite patikilye \u00bb pou Alix Didier Fils-Aim\u00e9. Se de la dezak\u00f2 a soti.<\/strong><\/p>\n<p>Nan lag\u00e8 sa a ant de manm Kons\u00e8y sipery\u00e8 polis nasyonal la (CSPN), se popilasyon an k ap peye pri a. Atak ki te f\u00e8t nan Delma 30 madi 25 fevriye sa a, kote yo chase plizy\u00e8 moun lakay yo, l\u00f2t mouri anba bal, se pr\u00e8v swadizan otorite yo ap nye reyalite a. Yo pa okipe lavi popilasyon an.<\/p>\n<p>Se vre, Direkt\u00e8 jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a pran reta pou l bay pr\u00e8v efikasite l devan f\u00f2s dife gang ame yo. Men, \u00e8ske f\u00f2 yo chanje l k\u00e8lkeswa pri a? Sou do lavi sitwayen pezib? K\u00e8lkeswa sa, f\u00f2 n rekon\u00e8t li gen yon s\u00e8ten volonte l\u00e8 l mennen arestasyon de \u00ab gwo pwason \u00bb, Magalie Habitant ak Victor Prophane.<\/p>\n<p>\u00ab Polis nasyonal d Ayiti se yon gwo mache pou vann manje, achte zam, minisyon ak m\u00e8b&#8230; Gen moun k ap goumen pou pran gwo mache sa a \u00bb, yon konseye-prezidan revele bay jounal Le Nouvelliste.<\/p>\n<p>Kounye a, peyi a bezwen amoni nan pi wo nivo Leta a, olye espektak l\u00e8d sa a menm moun ki garan sekirite nasyonal yo ap ofri. Men, sa kl\u00e8, nan Primati a kou nan Kons\u00e8y prezidansy\u00e8l tranzisyon an, yo pa konnen anyen oswa pr\u00e8ske anyen sou responsablite yo.<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Bagay yo cho ant Premye minis Alix Didier Fils-Aim\u00e9 ak Direkt\u00e8 jeneral polis nasyonal la, Rameau Normil. An gwo, ch\u00e8f gouv\u00e8nman an vle revoke k\u00f2mandan an ch\u00e8f PNH a k\u00e8lkeswa pri a. Pou ki rezon? Yo di Rameau Normil pa fasilite k\u00e8k \u00ab aktivite patikilye \u00bb pou Alix Didier Fils-Aim\u00e9. Se de la dezak\u00f2 a [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":51,"featured_media":18421,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-36965","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/36965","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/51"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=36965"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/36965\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/18421"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=36965"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=36965"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=36965"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}