{"id":33191,"date":"2026-02-02T20:27:43","date_gmt":"2026-02-03T01:27:43","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/?p=33191"},"modified":"2026-11-14T23:11:25","modified_gmt":"2026-11-15T04:11:25","slug":"tps-pwolonje-souf-ayisyen-etazini","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/tps-pwolonje-souf-ayisyen-etazini\/","title":{"rendered":"TPS pwolonje: yon souf desizif pou plizy\u00e8 sant\u00e8n milye Ayisyen Ozetazini"},"content":{"rendered":"<p>Lav\u00e8y dat limit kritik 3 fevriye 2026 la, kominote ayisyen k ap viv Ozetazini akeyi ak soulajman yon desizyon jidisy\u00e8 det\u00e8minan ki konfime kenbe Temporary Protected Status (TPS). Konsa, mekanis migratwa sa a kontinye pwoteje plizy\u00e8 sant\u00e8n milye Ayisyen kont dep\u00f2tasyon e li garanti yo dwa pou yo travay legalman sou teritwa ameriken an.<\/p>\n<p>Ak\u00f2de pou premye fwa apre tranblemannt\u00e8 devastat\u00e8 2010 la, TPS te renouvle plizy\u00e8 fwa akoz degradasyon kondisyon sekirite, politik ak imanit\u00e8 ann Ayiti ki toujou la. Devan yon kriz ki toujou grav, ki make pa ensekirite ak enstabilite, lajistis ameriken estime retire pwoteksyon sa a pa t jistifye. Yon tribinal federal nan Kalif\u00f2ni te deja anile desizyon administrasyon ameriken an pou mete fen ak TPS pou Ayisyen yo. Nan rezonman li, jij Edward Chen te souliye yon retr\u00e8 konsa t ap inyore reyalite alamant ki toujou la ann Ayiti. Nan menm sans lan, jij federal Ana C. Reyes, nan Washington, konfime kenbe dispozitif la apre li fin egzamine pr\u00e8v yo ak rap\u00f2 sou sitiyasyon peyi a.<\/p>\n<p>Desizyon jidisy\u00e8 sa a kons\u00e8ne ant 300 000 ak 350 000 Ayisyen, ki kenbe konsa estati legal yo ak otorizasyon travay yo. Pou anpil nan yo, ki etabli Ozetazini depi plis pase dis ane, TPS se yon poto esansy\u00e8l estabilite, ni pou fanmi yo ni pou travay yo. Kontribisyon yo rete enp\u00f2tan tou nan plizy\u00e8 sekt\u00e8 kle nan ekonomi ameriken an, sitou sante, edikasyon, konstriksyon ak s\u00e8vis.<\/p>\n<p><em>Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Lav\u00e8y dat limit kritik 3 fevriye 2026 la, kominote ayisyen k ap viv Ozetazini akeyi ak soulajman yon desizyon jidisy\u00e8 det\u00e8minan ki konfime kenbe Temporary Protected Status (TPS). Konsa, mekanis migratwa sa a kontinye pwoteje plizy\u00e8 sant\u00e8n milye Ayisyen kont dep\u00f2tasyon e li garanti yo dwa pou yo travay legalman sou teritwa ameriken an. Ak\u00f2de [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":50,"featured_media":28313,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-33191","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33191","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/50"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=33191"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33191\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/28313"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=33191"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=33191"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=33191"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}