{"id":33154,"date":"2026-03-07T03:46:08","date_gmt":"2026-03-07T08:46:08","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/?p=33154"},"modified":"2026-11-14T23:02:40","modified_gmt":"2026-11-15T04:02:40","slug":"universite-quisqueya-150-milyon-goud-sibvansyon","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/universite-quisqueya-150-milyon-goud-sibvansyon\/","title":{"rendered":"Iniv\u00e8site Quisqueya Jacky Lumarque resevwa 150 milyon goud sibvansyon gouv\u00e8nmantal ki pa jistifye"},"content":{"rendered":"<p>Enf\u00f2masyon Fondasyon Je Klere (FJKL) revele a gen f\u00f2s yon tranblemannt\u00e8 nan peyizaj iniv\u00e8sit\u00e8 ak politik ayisyen an.<\/p>\n<p>Iniv\u00e8site Quisqueya (UniQ), yon enstitisyon prive prestijye rekt\u00e8 Jacky Lumarque dirije, yon figi yo respekte nan sosyete sivil la, ta resevwa pa mwens pase 150 milyon goud nan men Leta ayisyen an an 2025.<\/p>\n<p>Twa v\u00e8sman 50 milyon, Direksyon jeneral Trez\u00f2 a anrejistre ak swen, ak referans DGTCP\/DCF\/SO\/BRH\/686\/05-2025, DGTCP\/DCP\/SO\/BRH\/749\/06-2025 ak DGTCP\/DCP\/SO\/BRH\/956\/08-2025. Chif fr\u00e8t, k\u00f2d administratif, men d\u00e8y\u00e8 ekriti kontab sa yo gen yon kesyon ki boule: sou ki baz? E sitou, poukisa nan opasite total?<\/p>\n<p>Nan yon peyi kote Iniv\u00e8site Leta d Ayiti (UEH) ap mouri pa mank mwayen, kote pwofes\u00e8 lek\u00f2l leta ap manifeste pou sal\u00e8 yo pa peye, kote etidyan manke ch\u00e8z ak bibliyot\u00e8k, kijan pou jistifye yon enstitisyon prive, k\u00e8lkeswa repitasyon li, toudenkou vin b\u00e8f l\u00e8t Trez\u00f2 piblik la?<\/p>\n<p>Iniv\u00e8site Quisqueya f\u00f2me kad kalite chak ane e li patisipe aktivman nan rayonnman entelekty\u00e8l peyi a. Jacky Lumarque reprezante, depi plizy\u00e8 ane, yon s\u00e8ten lide etik ak rig\u00e8. Se jisteman pou sa zaf\u00e8 sa a grav konsa.<\/p>\n<p>Kijan sosyete sivil la ka mande Egzekitif la rann kont si pw\u00f2p figi tut\u00e8l li yo tranpe nan sist\u00e8m finansman opak sa a? Kijan pou preche bon gouv\u00e8nans l\u00e8 w aksepte, san deba piblik, san ap\u00e8l d\u00f2f, san konvansyon kl\u00e8, 150 milyon goud ki tonbe sot nan sy\u00e8l bidj\u00e8 a?<\/p>\n<p>Sibvansyon sa a se yon afwon pou transparans.<\/p>\n<p>FJKL gen rezon mande kont. Rekt\u00e8 Lumarque, k\u00f2m bon pedag\u00f2g, dwe pwofite okazyon sa a pou bay yon leson sitway\u00e8nte. Li dwe pran lapaw\u00f2l imedyatman pou klarifye nati lajan sa yo. Silans t ap yon fot.<\/p>\n<p>Nan yon peyi predasyon ap manje, s\u00e8l defans kont sisp\u00e8k se transparans total.<\/p>\n<p><em>Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Enf\u00f2masyon Fondasyon Je Klere (FJKL) revele a gen f\u00f2s yon tranblemannt\u00e8 nan peyizaj iniv\u00e8sit\u00e8 ak politik ayisyen an. Iniv\u00e8site Quisqueya (UniQ), yon enstitisyon prive prestijye rekt\u00e8 Jacky Lumarque dirije, yon figi yo respekte nan sosyete sivil la, ta resevwa pa mwens pase 150 milyon goud nan men Leta ayisyen an an 2025. Twa v\u00e8sman 50 [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":51,"featured_media":28451,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4403],"tags":[],"class_list":["post-33154","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-edikasyon"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33154","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/51"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=33154"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33154\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/28451"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=33154"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=33154"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=33154"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}