{"id":33095,"date":"2026-05-02T09:24:10","date_gmt":"2026-05-02T13:24:10","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/?p=33095"},"modified":"2026-11-14T22:45:22","modified_gmt":"2026-11-15T03:45:22","slug":"1ye-me-fils-aime-priyorite-sekirite-pwodiksyon","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/1ye-me-fils-aime-priyorite-sekirite-pwodiksyon\/","title":{"rendered":"1ye me: Alix Didier Fils-Aim\u00e9 montre priyorite li ant sekirite, pwodiksyon nasyonal ak eleksyon"},"content":{"rendered":"<p>Nan okazyon <strong>Jounen nasyonal 1ye me<\/strong>, ki te gen pou t\u00e8m ane sa a <strong>\u00ab Pwodiksyon nasyonal se potomitan batay pou sekirite \u00bb<\/strong>, Premye minis <strong>Alix Didier Fils-Aim\u00e9<\/strong> prezante gwo oryantasyon aksyon li, ki santre sou <strong>retablisman sekirite<\/strong>, <strong>relans pwodiksyon nasyonal<\/strong> ak <strong>preparasyon pwosesis demokratik la<\/strong>.<\/p>\n<p>Devan reprezantan <strong>sist\u00e8m jidisy\u00e8 a<\/strong>, <strong>k\u00f2 diplomatik la<\/strong>, <strong>\u00f2ganizasyon ent\u00e8nasyonal<\/strong> ak peyizan, ansanm ak akt\u00e8 <strong>sekt\u00e8 prive<\/strong> ak <strong>sendika<\/strong>, ch\u00e8f gouv\u00e8nman an ensiste sou nesesite pou ranf\u00f2se <strong>enklizyon ekonomik<\/strong> ak pi byen pwoteje <strong>kouch ki pi vilnerab<\/strong> nan popilasyon an.<\/p>\n<blockquote>\n<p>\u00ab Mennen sekirite tounen epi \u00f2ganize eleksyon, se rem\u00e8t p\u00e8p ayisyen an dwa li pou l viv nan lap\u00e8 ak diyite \u00bb<\/p>\n<\/blockquote>\n<p>li deklare, pandan l ap mete aksan sou w\u00f2l santral <strong>Leta a<\/strong> nan <strong>estabilizasyon peyi a<\/strong>.<\/p>\n<p>Seremoni an te s\u00e8vi tou k\u00f2m kad pou yon <strong>gwo omaj pou travay\u00e8 ak agrikilt\u00e8 yo<\/strong>, yo prezante k\u00f2m poto <strong>rezilyans nasyonal la<\/strong>. Premye minis la salye angajman yo l\u00e8 li souliye:<\/p>\n<blockquote>\n<p>\u00ab Se rekon\u00e8t lyen sakre nou ak lat\u00e8, salye f\u00f2s yo ak rezilyans yo. \u00bb<\/p>\n<\/blockquote>\n<p>Anmenmtan, <strong>Minist\u00e8 Af\u00e8 sosyal ak Travay (MAST)<\/strong> ak <strong>Minist\u00e8 Agrikilti, Resous natir\u00e8l ak Devlopman riral (MARNDR)<\/strong> anonse <strong>pwogram akonpayman<\/strong> ki vize sitou <strong>agrikilt\u00e8 yo<\/strong>, <strong>popilasyon vilnerab yo<\/strong> ak <strong>ti ak mway\u00e8n antrepriz yo<\/strong>.<\/p>\n<p>Finalman, otorite yo ent\u00e8prete lef\u00e8t seremoni an te f\u00e8t nan <strong>jaden Pal\u00e8 nasyonal la<\/strong> k\u00f2m yon <strong>siyal politik<\/strong>, ki montre volonte pou ranf\u00f2se piti piti <strong>kontw\u00f2l espas piblik la<\/strong> epi avanse v\u00e8 \u00f2ganizasyon <strong>eleksyon jeneral enklizif e demokratik<\/strong> sou tout teritwa a.<\/p>\n<p><em>Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan okazyon Jounen nasyonal 1ye me, ki te gen pou t\u00e8m ane sa a \u00ab Pwodiksyon nasyonal se potomitan batay pou sekirite \u00bb, Premye minis Alix Didier Fils-Aim\u00e9 prezante gwo oryantasyon aksyon li, ki santre sou retablisman sekirite, relans pwodiksyon nasyonal ak preparasyon pwosesis demokratik la. Devan reprezantan sist\u00e8m jidisy\u00e8 a, k\u00f2 diplomatik la, \u00f2ganizasyon [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":59,"featured_media":28813,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4373],"tags":[],"class_list":["post-33095","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-politik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33095","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/59"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=33095"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33095\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/28813"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=33095"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=33095"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=33095"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}