{"id":33041,"date":"2026-07-23T22:48:40","date_gmt":"2026-07-24T02:48:40","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/?p=33041"},"modified":"2026-11-14T22:32:12","modified_gmt":"2026-11-15T03:32:12","slug":"raina-forbin-refom-dijital-sevis-konsile","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/raina-forbin-refom-dijital-sevis-konsile\/","title":{"rendered":"Dyaspora: Raina Forbin lanse yon gwo ref\u00f2m dijital nan s\u00e8vis konsil\u00e8 yo"},"content":{"rendered":"<p>Minis Af\u00e8 etranj\u00e8 ak Kilt la, Raina Forbin, ap akselere mod\u00e8nizasyon s\u00e8vis konsil\u00e8 pou Ayisyen k ap viv aletranje. Pou sa, li reyini prensipal responsab Ofis nasyonal idantifikasyon (ONI), Enstiti ayisyen estatistik ak enf\u00f2matik (IHSI) ak plizy\u00e8 ch\u00e8f misyon diplomatik, sitou sa ki an p\u00f2s Ozetazini, pou kow\u00f2done yon gwo chantye transf\u00f2masyon dijital.<\/p>\n<p>Nan k\u00e8 diskisyon yo, gen yon platf\u00f2m dijital entegre e sekirize, minis la inisye, ki pral konekte baz done enstitisyon kons\u00e8ne yo. Sist\u00e8m sa a vle fasilite aks\u00e8 a prensipal dokiman administratif yo, sitou Kat idantifikasyon nasyonal inik (CINU), Nimewo idantifikasyon nasyonal inik (NINU) ak s\u00e8tifika polis, pandan l ap redwi lou administratif yo.<\/p>\n<p>Reyinyon an p\u00e8m\u00e8t tou idantifye prensipal difikilte Ayisyen aletranje yo rankontre pou yo jwenn dokiman idantite yo. Pou reponn ak sa, MAEC ak ONI prevwa ouvri, depi septanm 2026, yon sant pwodiksyon ak distribisyon CINU Ozetazini, yon mezi ki dwe diminye del\u00e8 tretman yo epi amelyore anpil kalite s\u00e8vis yo ofri dyaspora a.<\/p>\n<p>Dapre otorite yo, ref\u00f2m sa a se yon etap enp\u00f2tan nan preparasyon pwoj\u00e8 pil\u00f2t v\u00f2t dyaspora a. Responsab ONI ak IHSI yo salye inisyativ ent\u00e8-enstitisyon\u00e8l sa a, yo prezante k\u00f2m yon gwo zouti pou mod\u00e8nize administrasyon piblik la, ann ak\u00f2 ak anbisyon gouv\u00e8nman Premye minis Alix Didier Fils-Aim\u00e9 pou rann s\u00e8vis piblik yo pi rapid, pi aksesib e pi efikas pou tout sitwayen ayisyen, k\u00e8lkeswa kote yo rete.<\/p>\n<p><em>Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Minis Af\u00e8 etranj\u00e8 ak Kilt la, Raina Forbin, ap akselere mod\u00e8nizasyon s\u00e8vis konsil\u00e8 pou Ayisyen k ap viv aletranje. Pou sa, li reyini prensipal responsab Ofis nasyonal idantifikasyon (ONI), Enstiti ayisyen estatistik ak enf\u00f2matik (IHSI) ak plizy\u00e8 ch\u00e8f misyon diplomatik, sitou sa ki an p\u00f2s Ozetazini, pou kow\u00f2done yon gwo chantye transf\u00f2masyon dijital. Nan k\u00e8 [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":50,"featured_media":29150,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-33041","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33041","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/50"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=33041"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33041\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/29150"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=33041"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=33041"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=33041"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}