{"id":33001,"date":"2026-08-22T10:46:45","date_gmt":"2026-08-22T14:46:45","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/?p=33001"},"modified":"2026-11-14T22:16:36","modified_gmt":"2026-11-15T03:16:36","slug":"david-badia-seleksyone-ayiti","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/david-badia-seleksyone-ayiti\/","title":{"rendered":"Foutb\u00f2l: David Bad\u00eda pran r\u00e8n seleksyon ayisyen an"},"content":{"rendered":"<p>Federasyon ayisyen foutb\u00f2l (FHF) anonse samdi nominasyon David Bad\u00eda k\u00f2m seleksyon\u00e8 ekip nasyonal Ayiti. Yon anons ofisy\u00e8l ki tonbe nan bon moman pou Grenadye yo ki angaje nan Lig Nasyon Concacaf la.<\/p>\n<p>Nan yon ti videyo FHF pibliye sou paj Facebook li pou prezante nouvo seleksyon\u00e8 a, Bad\u00eda di premye paw\u00f2l li bay sip\u00f2t\u00e8 ayisyen yo ak kri ralye seleksyon an: <em>\u00ab Grenadye Alaso! \u00bb<\/em>, anvan l ajoute <em>\u00ab Men mwen \u00bb<\/em>.<\/p>\n<p>Bad\u00eda, yon teknisyen pany\u00f2l 51 an, te pase kat ane nan akademi FC Barcelone, kote li te antren\u00e8 ak dirijan ant 2012 ak 2016. Apre sa, li te antre nan ekip teknik Fenerbah\u00e7e ak Almer\u00eda k\u00f2m asistan.<\/p>\n<p>K\u00f2m antren\u00e8 prensipal, Bad\u00eda te deja dirije klib tankou AEK Larnaca, Ethnikos Achna ak Lechia Gda\u0144sk. Li pran k\u00f2mand Grenadye yo pandan Ayiti ap louvri yon nouvo chapit apre kalifikasyon li pou Koup dimonn 2026 la anba direksyon S\u00e9bastien Mign\u00e9.<\/p>\n<p>FHF pa bay okenn detay sou dire kontra teknisyen pany\u00f2l la ni sou kondisyon finansye angajman li.<\/p>\n<p>Premye t\u00e8s Bad\u00eda sou ban Grenadye yo ap f\u00e8t nan Lig Nasyon Concacaf la. Ayiti ap jwe kont Trinite-e-Tobago 24 septanm anvan li f\u00e8 fas ak Kosta Rika 3 jou apre. Gwoup Ayiti a gen ladan l tou Kiraso, Nikaragwa ak Repiblik Dominik\u00e8n; de premye chak gwoup ap kalifye pou ka final yo.<\/p>\n<p><em>Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Federasyon ayisyen foutb\u00f2l (FHF) anonse samdi nominasyon David Bad\u00eda k\u00f2m seleksyon\u00e8 ekip nasyonal Ayiti. Yon anons ofisy\u00e8l ki tonbe nan bon moman pou Grenadye yo ki angaje nan Lig Nasyon Concacaf la. Nan yon ti videyo FHF pibliye sou paj Facebook li pou prezante nouvo seleksyon\u00e8 a, Bad\u00eda di premye paw\u00f2l li bay sip\u00f2t\u00e8 ayisyen [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":81,"featured_media":29357,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4377,4378],"tags":[],"class_list":["post-33001","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-espo","category-foutbol"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33001","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/81"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=33001"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33001\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/29357"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=33001"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=33001"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=33001"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}