{"id":32956,"date":"2026-10-16T08:15:32","date_gmt":"2026-10-16T12:15:32","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/?p=32956"},"modified":"2026-11-14T22:05:36","modified_gmt":"2026-11-15T03:05:36","slug":"sandra-paulemon-jica-djob-ayiti","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/sandra-paulemon-jica-djob-ayiti\/","title":{"rendered":"Bangkok: minis Sandra Paulemon mize sou koperasyon japon\u00e8 pou kreye dj\u00f2b ann Ayiti"},"content":{"rendered":"<p>Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekst\u00e8n, Dr Sandra Paulemon, te rankontre jedi 15 okt\u00f2b 2026, Bangkok, nan peyi Tayilann, vis-prezidan Ajans japon\u00e8 pou koperasyon ent\u00e8nasyonal (JICA), Hara Shohei, pou pale sou nouvo posiblite koperasyon ki konsantre sou kreyasyon dj\u00f2b ak rel\u00e8vman ekonomik e sosyal Ayiti.<\/p>\n<h2>Yon pwogram travay pou ankouraje dj\u00f2b ann Ayiti<\/h2>\n<p>Pandan diskisyon yo, minis la pwopoze yon pwogram travay ansanm ki bezwen anpil men d \u00e8v (HIMO), sitou pou repare wout nan m\u00f2n yo, antretni kanal drenaj ak irigasyon, goumen kont ewozyon, rebwaze epi amelyore enfrastrikti kominot\u00e8 yo. Inisyativ la ta vize sitou fanm, j\u00e8n ki pa gen travay ak fanmi ki vilnerab, tankou moun ki deplase ak kominote k ap resevwa yo. Sandra Paulemon pale tou de eksperyans koperasyon japon\u00e8 a nan travay reyabilitasyon iben nan Leyog\u00e0n apre tranblemannt\u00e8 2010 la, e li estime eksperyans sa a ka s\u00e8vi referans pou konsevwa yon pwogram ki adapte ak bezwen peyi a jodi a.<\/p>\n<h2>Yon demann sip\u00f2 finansye ak teknik bay JICA<\/h2>\n<p>Pou pwopozisyon sa a ka reyalize, minis MPCE a mande JICA yon evanty\u00e8l sip\u00f2 finansye, yon asistans teknik pou konsevwa ak sip\u00e8vize travay yo, ansanm ak eksplorasyon mekanis kofinansman ak patn\u00e8 miltilateral yo. B\u00f2 pa l, Hara Shohei reyafime enstitisyon japon\u00e8 a disponib pou kontinye travay ak Ayiti. Yo prevwa rankont teknik pou apwofondi diskisyon yo epi presize f\u00f2m sip\u00f2 ki posib, sitou nan kad Plan nasyonal rel\u00e8vman ak estabilizasyon ekonomik e sosyal ak transf\u00f2masyon (PNSREST) 2026-2030 la.<\/p>\n<p>Anplis pwogram HIMO a, diskisyon yo te kons\u00e8ne ranf\u00f2sman kapasite enstitisyon\u00e8l, amelyorasyon s\u00e8vis debaz yo, devlopman agrik\u00f2l ak jesyon risk. Pou kounye a, pwopozisyon yo prezante yo rete pou apwofondi nan diskisyon teknik ant de pati yo.<\/p>\n<p><em>Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekst\u00e8n, Dr Sandra Paulemon, te rankontre jedi 15 okt\u00f2b 2026, Bangkok, nan peyi Tayilann, vis-prezidan Ajans japon\u00e8 pou koperasyon ent\u00e8nasyonal (JICA), Hara Shohei, pou pale sou nouvo posiblite koperasyon ki konsantre sou kreyasyon dj\u00f2b ak rel\u00e8vman ekonomik e sosyal Ayiti. Yon pwogram travay pou ankouraje dj\u00f2b ann Ayiti Pandan diskisyon yo, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":50,"featured_media":30565,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-32956","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/32956","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/50"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=32956"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/32956\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/30565"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=32956"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=32956"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=32956"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}