{"id":32950,"date":"2026-11-12T20:59:41","date_gmt":"2026-11-13T01:59:41","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/?p=32950"},"modified":"2026-11-14T22:03:18","modified_gmt":"2026-11-15T03:03:18","slug":"hebdo24-nouvo-logo-idantite-vizyel","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/hebdo24-nouvo-logo-idantite-vizyel\/","title":{"rendered":"Hebdo24 renouvle idantite vizy\u00e8l li ak yon nouvo logo ki pi mod\u00e8n"},"content":{"rendered":"<p>Pi mod\u00e8n, pi senp e pi adapte pou sip\u00f2 dijital yo, nouvo logo Hebdo24 a make yon nouvo etap nan evolisyon idantite vizy\u00e8l medya a. Piblikasyon an kenbe koul\u00e8 istorik li yo kanmenm: wouj, nwa ak blan.<\/p>\n<p>Hebdo24 chanje rad. Medya a prezante nouvo logo li, ki ranplase ansyen idantite vizy\u00e8l la sou tout platf\u00f2m li yo: sit ent\u00e8n\u00e8t, rezo sosyal, videyo ak emisyon.<\/p>\n<p>Nouvo idantite grafik la gen de bl\u00f2k kole youn ak l\u00f2t. Non \u00ab HEBDO \u00bb a par\u00e8t an l\u00e8t blan sou yon fon wouj, epi touswit apre, chif \u00ab 24 \u00bb la ekri sou yon fon nwa. \u00ab 24 \u00bb sa a raple misyon medya a: swiv aktyalite a, dek\u00f2tike l epi rann kont li, 24 \u00e8 sou 24.<\/p>\n<h2>Yon logo ki f\u00e8t pou tout ekran<\/h2>\n<p>Ref\u00f2m sa a vize sitou pou logo a pi fasil pou li e pou l adapte ak nouvo fason moun itilize zouti dijital yo. Ansyen logo a te gen tw\u00f2p detay, e li te p\u00e8di kl\u00e8te sou ti f\u00f2ma yo, sitou sou ekran telef\u00f2n. Nouvo grafis la pi senp e moun ka rekon\u00e8t li fasil, kit sou yon smartphone, kit sou yon gwo afich.<\/p>\n<p>Hebdo24 gen tou yon ik\u00f2n pa l: yon kare wouj ak chif \u00ab 24 \u00bb an blan, ki la sitou pou foto pwofil ak aplikasyon dijital yo.<\/p>\n<p>\u00ab Nouvo logo sa a reflete sa nou tounen: yon medya mod\u00e8n, kl\u00e8 e ki prezan tout kote piblik nou ye. Pwom\u00e8s nou menm pa chanje: rete vijilan sou aktyalite a, 24 \u00e8 sou 24 \u00bb, Phanord Cab\u00e9, direkt\u00e8 jeneral Hebdo24, eksplike.<\/p>\n<h2>Ansyen idantite vizy\u00e8l la ap dispar\u00e8t tikras pa tikras<\/h2>\n<p>Depi kounye a, se s\u00e8l nouvo logo a ki reprezante Hebdo24 ofisy\u00e8lman. Medya a p ap s\u00e8vi ak ansyen idantite vizy\u00e8l la ank\u00f2, menmsi li ka par\u00e8t toujou pandan yon ti pery\u00f2d tranzisyon sou k\u00e8k sip\u00f2 ki te deja pwodui. Hebdo24 envite patn\u00e8 li yo, anons\u00e8 yo ak l\u00f2t medya yo pou yo adopte nouvo idantite grafik sa a epi ranplase ansyen logo a nan piblikasyon yo. Fichye ofisy\u00e8l yo disponib sou demann b\u00f2 kote redaksyon an.<\/p>\n<p>Chanjman sa a kons\u00e8ne s\u00e8lman idantite vizy\u00e8l medya a. Hebdo24 vle mod\u00e8nize imaj li san li pa touche liy editoryal li ni angajman li pou piblik li.<\/p>\n<p><em>Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.<\/em><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pi mod\u00e8n, pi senp e pi adapte pou sip\u00f2 dijital yo, nouvo logo Hebdo24 a make yon nouvo etap nan evolisyon idantite vizy\u00e8l medya a. Piblikasyon an kenbe koul\u00e8 istorik li yo kanmenm: wouj, nwa ak blan. Hebdo24 chanje rad. Medya a prezante nouvo logo li, ki ranplase ansyen idantite vizy\u00e8l la sou tout platf\u00f2m [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":51,"featured_media":31102,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4372],"tags":[],"class_list":["post-32950","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-aktyalite"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/32950","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/51"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=32950"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/32950\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/31102"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=32950"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=32950"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=32950"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}