{"id":31338,"date":"2022-04-07T20:09:31","date_gmt":"2022-04-08T00:09:31","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/sante-espekt-grev-lopital-jeneral\/"},"modified":"2022-04-07T20:09:31","modified_gmt":"2022-04-08T00:09:31","slug":"sante-espekt-grev-lopital-jeneral","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/sante-espekt-grev-lopital-jeneral\/","title":{"rendered":"Ayiti-Sante: espektr gr\u00e8v la toujou ap ante Lopital jeneral"},"content":{"rendered":"<p>Apre plis pase yon mwa gr\u00e8v, anyen pa mache nan pi gwo sant lopital piblik peyi a. Menm si responsab sendika lopital la te anonse yon tr\u00e8v depi 31 mas pase a, Lopital Iniv\u00e8site Leta d Ayiti gen difikilte pou l jwenn ritm li e li riske l\u00f2t mouvman pwotestasyon.<\/p>\n<p>Kabann kraze depoze nan lakou a. Machin ki gen plak s\u00e8vis Leta pake. Nan antre s\u00e8vis ijans lan, k\u00e8k ra anplwaye chita trankil.<\/p>\n<p>Byenveni nan pi gwo sant lopital piblik kapital la ki te an gr\u00e8v depi fen fevriye pase a.<\/p>\n<p>Pandan responsab sendika lopital la te anonse yo leve gr\u00e8v la apre yon rankont ak otorite sanit\u00e8 yo, jiska jedi 7 avril, aktivite yo toujou kanpe.<\/p>\n<p>Jacquelyn, ki anplwaye depi 27 an nan lopital la, di li pa konprann levasyon gr\u00e8v sa a.<\/p>\n<p>\u00ab Se yon tr\u00e8v ki f\u00e8t sou bouch \u00bb, sitwayen nou te rankontre nan s\u00e8vis ijans lan lanse, tankou pou l minimize desizyon grevis yo.<\/p>\n<p>An ef\u00e8, pa gen okenn siy ki montre yon retou nan n\u00f2mal. Sal yo vid. Okenn s\u00e8vis pa fonksyone. Dokt\u00e8 yo, sitou rezidan yo, absan.<\/p>\n<p>\u00ab Gade pou kont nou. Anyen pa pase isit la. Se tankou nou toujou an gr\u00e8v \u00bb, yon l\u00f2t anplwaye deklare.<\/p>\n<p>Si grevis yo te jwenn yon antant ak otorite sanit\u00e8 yo pou fini gr\u00e8v la, poukisa aktivite yo toujou paralize nan Lopital jeneral? Plis pase yon moun ap poze t\u00e8t yo kesyon an.<\/p>\n<p>\u00ab Si anyen pa mache jiska prezan nan lopital la malgre yo leve gr\u00e8v la, se paske dokt\u00e8 rezidan yo deside pa vin travay, paske depi 8 mwa yo pa resevwa sal\u00e8 yo \u00bb, Evlyne Fremont, prezidan sendika a, eksplike.<\/p>\n<p>Desizyon sendika a pou leve gr\u00e8v la pa f\u00e8 linanimite nan sekt\u00e8 a. Anplwaye Lopital jeneral ak l\u00f2t lopital piblik eksprime mekontantman yo sou retr\u00e8 sa a.<\/p>\n<p>\u00ab Pou lanse gr\u00e8v la, yo te kontakte nou, men pou leve l, se nan radyo nou aprann nouv\u00e8l la \u00bb, yon anplwaye yon l\u00f2t sant lopital piblik, nou p ap site non l isit la, denonse.<\/p>\n<p>Gen bri k ap kouri ki di responsab sendika a te resevwa lajan anba tab e yo te negosye p\u00f2s ak otorite yo pou yo f\u00e8 bak. Evelyne Fremond rejte enf\u00f2masyon sa a ak tout f\u00f2s li.<\/p>\n<p>\u00ab Mwen tande rim\u00e8 ki f\u00e8 kw\u00e8 nou te resevwa lajan nan men otorite yo pou fini gr\u00e8v la. Sa pa vre ditou \u00bb, Evelyne ensiste, e li defye nenp\u00f2t moun pou pwouve alegasyon sa a vre.<\/p>\n<p>Evelyne Fremond vle rasire moun. \u00ab Non, batay la pa vann \u00bb, li kenbe f\u00e8m, pandan l afime matery\u00e8l deja k\u00f2manse rive nan lopital la, menm si yo pa vizib, omwen pou kounye a.<\/p>\n<p>Kabann, matla, oksij\u00e8n, sew\u00f2m, se yon lopital ki manke tout bagay jiska prezan, malgre pwom\u00e8s otorite nan minist\u00e8 Sante piblik ak Popilasyon te f\u00e8.<\/p>\n<p>Pandan dout ap plane sou rek\u00f2mansman aktivite yo nan Lopital jeneral, dokt\u00e8 rezidan yo ap menase antre an gr\u00e8v pou mande 8 mwa sal\u00e8 yo dwe yo. Kidonk, HUEH poko soti nan t\u00e8t chaje!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Apre plis pase yon mwa gr\u00e8v, anyen pa mache nan pi gwo sant lopital piblik peyi a. Menm si responsab sendika lopital la te anonse yon tr\u00e8v depi 31 mas pase a, Lopital Iniv\u00e8site Leta d Ayiti gen difikilte pou l jwenn ritm li e li riske l\u00f2t mouvman pwotestasyon. Kabann kraze depoze nan lakou [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4384],"tags":[],"class_list":["post-31338","post","type-post","status-publish","format-standard","category-sante-ht"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/31338","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=31338"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/31338\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=31338"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=31338"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=31338"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}