{"id":31336,"date":"2024-05-06T21:47:23","date_gmt":"2024-05-07T01:47:23","guid":{"rendered":"https:\/\/hebdo24.com\/badamay-talan-pou-swiv-de-pre\/"},"modified":"2024-05-06T21:47:23","modified_gmt":"2024-05-07T01:47:23","slug":"badamay-talan-pou-swiv-de-pre","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/badamay-talan-pou-swiv-de-pre\/","title":{"rendered":"Badamay, yon talan pou swiv de pre"},"content":{"rendered":"<p><em><strong>Badamay, ki s\u00f2ti nan vil Leyog\u00e0n e ki rele Mackendy Leriche sou batist\u00e8, ap evolye timidman pami rap\u00e8 ayisyen yo. Av\u00e8k talan li ak vwa eksepsyon\u00e8l li, atis la ap tise sou plizy\u00e8 ane yon istwa lanmou ak pasyon ak rap.<\/strong><\/em><\/p>\n<p>Badamay se yon atis ki gen talan ki chame piblik la ak vwa li ak prezans li sou s\u00e8n. Sou plizy\u00e8 ane, mizik vin tounen pou li yon mwayen pou l eksprime l, yon refij. Li jwenn enspirasyon p\u00e8son\u00e8l pwofon li nan lanmou ak souvni defen fr\u00e8 li, Richard M. Yon fr\u00e8 ki, malerezman, tranblemannt\u00e8 devastat\u00e8 12 janvye 2010 la te pote ale tw\u00f2 bon\u00e8, li kite d\u00e8y\u00e8 l yon vid ou pa ka dekri men tou yon eritaj mizikal ki gen anpil val\u00e8 pou Badamay.<\/p>\n<p><strong>Rankont li ak mizik<\/strong><\/p>\n<p>Se gras ak Richard j\u00e8n Mackendy dekouvri chemen li nan mizik, atrav\u00e8 ritm cham\u00e8 atis jamayiken ane 90-2000 yo fr\u00e8 l te konn koute. Pasyon yo pataje sa a rive trav\u00e8se tan an e gide atis la sou chemen li. Badamay rakonte nou fr\u00e8 l, ki te renmen mizik anpil, te toujou gen ti radyo l b\u00f2 kote l. Li menm te toujou b\u00f2 kote fr\u00e8 l pou ti vwayaj mizikal sa yo, men paske li te timid, li pa t chante. Epi yon jou rive, fr\u00e8 l t ap obs\u00e8ve l an kach\u00e8t pandan l t ap chante, e li konfime l li gen talan, li te sezi e konkeri pa vwa ti moun nan.<\/p>\n<p>Se konsa, ak ankourajman fr\u00e8 sa a ki ba l non Badamay, j\u00e8n chant\u00e8 a finalman oze eksplore talan vokal li, e li dekouvri pou kont li chemen ki kaptive a. Apre sa, enfliyanse pa atis ak gwoup tankou KingPosse, R Kelly, pase pa Beenie Man ak Sean Paul, Badamay anbrase div\u00e8site mizikal san fwonty\u00e8. Badamay kapab chante ni an krey\u00f2l ni an angle, li al\u00e8z ak hip-hop, rege, RnB, li melanje estil yo pou kreye yon son inik ki pa l, e li afime t\u00e8t li k\u00f2m yon vr\u00e8 atis polivalan.<\/p>\n<p>Pou Badamay, mizik ale pi lwen pase yon senp sous div\u00e8tisman. Dapre natif natal Leyog\u00e0n nan, se yon zouti pisan pou pote mesaj, pou leve konsyans e pouse moun aji. Atrav\u00e8 chante li yo, li pale de sij\u00e8 sansib e angaje, depi batay kont vyolans sou fanm rive nan kritik politik peyi li. Li refize danse sou son divizyon e li mande inite ak pwogr\u00e8.<\/p>\n<p><strong>Reyalizasyon li yo<\/strong><\/p>\n<p>Menm si li poko gen yon alb\u00f2m konpl\u00e8, Badamay gen yon seri sengl enpresyonan ak kolaborasyon remakab ki te f\u00e8 tan yo e ki pwouve talan atis la. Nan rep\u00e8twa p\u00e8son\u00e8l li, gen tit ki pale anpil tankou \u00ab Pwobl\u00e8m pi r\u00e8d \u00bb, \u00ab Nou pran nan zip \u00bb, ak \u00ab Kil\u00e8s \u00bb, yon m\u00f2so lirik menm timoun nan site a te konn chantonnen l\u00e8 l te soti.<\/p>\n<p>Apre 2010, mouvman rap krey\u00f2l la te konnen yon gwo boom nan site Anacaona, kote plizy\u00e8 gwoup te f\u00e8t. Men dapre rim\u00e8 piblik la, de ladan yo te rive sou t\u00e8t, se te The Kings ak Zo Kr\u00e0n, yon ti jan tankou Barikad Crew ak Rockfam. Konsa, Zo Kr\u00e0n, gwoup mitik Badamay la, te souke rejyon Palm yo pandan k\u00e8k ane. Se te yon vr\u00e8 l\u00e8 glwa pou yo. Plizy\u00e8 nan tit yo te sonnen k\u00f2m vr\u00e8 siks\u00e8, tankou \u00ab Podyab Ayiti \u00bb oswa \u00ab Kolang\u00e8t \u00bb, DJ Kafou a, TonyMix, te menm reprann nan yon mixtape nan ep\u00f2k la.<\/p>\n<p>Pami kolaborasyon ki pi enp\u00f2tan li yo, Badamay pale nou de sa li te f\u00e8 ak Fantom Papa Rap La sou alb\u00f2m Salute 1, yon alyans atistik ki te pwom\u00e8t men ki pa t janm w\u00e8 jou akoz k\u00e8k sikonstans. Men nou jwenn rap\u00e8 BPC a sou yon track gwoup Leyog\u00e0n nan ki gen vwa Dutty tou, ki rele \u00ab Pr\u00e8 pou Batay \u00bb. King Wendyyy, ki bay t\u00e8t li tit sa a, par\u00e8t tou sou \u00ab Floch \u00bb, yon tit gwoup la ak videyo klip ki te f\u00e8 yon gwo siks\u00e8 l\u00e8 l te soti.<\/p>\n<p><strong>Pi lwen pase atis ki gen talan an<\/strong><\/p>\n<p>Defi chak jou yo pa janm frennen det\u00e8minasyon Badamay sou wout li. Menm nan moman ki pi nwa nan egzistans li, mizik li klere ak yon limy\u00e8 ki pa ka etenn, k ap preche espwa ak rezilyans bay fr\u00e8 ak s\u00e8 l yo. K\u00f2m papa fanmi e sitwayen komin li, atis la ap f\u00e8 ef\u00f2 chak jou pou l rete sou liy li, fid\u00e8l ak konviksyon li.<\/p>\n<p>Sou s\u00e8n, Badamay reprezante nanm menm atis la, l ap vibre ak en\u00e8ji ak pasyon, e li kaptive piblik li ak chak n\u00f2t. Men andey\u00f2 limy\u00e8 pwojekt\u00e8 yo, li rete enb e otantik, yon nanm senp ki gide pa lafwa li nan mizik ak nan limanite. Temwayaj vwazen li yo di li reprezante resp\u00e8 pou tout moun, san eksepsyon. Anplis, se yon moun ki renmen bay l\u00f2t moun lamen jan li kapab. Kay li souvan tounen yon vr\u00e8 estidyo, yon vr\u00e8 teren antr\u00e8nman kote plizy\u00e8 atis lokal ap file zam yo, antrene anvan yo touche l\u00f2t orizon.<\/p>\n<p>Nan estidyo yo, Badamay f\u00f2me chante li yo ak swen e presizyon, paske li konnen chak n\u00f2t ak chak mo gen pouvwa pou touche k\u00e8 e chanje lespri. Paske pou Badamay, mizik se pa s\u00e8lman yon pasyon, se yon vokasyon tou. Kounye a li nan estidyo pou yon demo, e li asire nou piblik la ap renmen l. E menm si moun poko konnen l jan talan li merite a, enfliyans li ak enpak li deja santi pi lwen pase limit vil li. Badamay rete yon atis otantik e mod\u00e8s, yon zetwal ra, men sitou yon vwa s\u00e8ten pou vwa yo toufe yo.<\/p>\n<p>Sous: <a href=\"https:\/\/celebritemag.com\/2024\/05\/06\/badamay-un-artiste-authentique\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">C\u00e9l\u00e9brit\u00e9 Magazine<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Badamay, ki s\u00f2ti nan vil Leyog\u00e0n e ki rele Mackendy Leriche sou batist\u00e8, ap evolye timidman pami rap\u00e8 ayisyen yo. Av\u00e8k talan li ak vwa eksepsyon\u00e8l li, atis la ap tise sou plizy\u00e8 ane yon istwa lanmou ak pasyon ak rap. Badamay se yon atis ki gen talan ki chame piblik la ak vwa li [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":54,"featured_media":15311,"comment_status":"","ping_status":"","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4379,4380],"tags":[],"class_list":["post-31336","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","category-kilti","category-mizik"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/31336","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/54"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=31336"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/31336\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/15311"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=31336"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=31336"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/hebdo24.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=31336"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}