Pandan de dènye ane yo, Kidnaping vin tounen prensipal kochma sosyete ayisyen an. Kriminalite, modèl anrichisman sou do kouch mwayèn ak defavorize yo, se yon afwon tou pou pase esklavajis nasyon nou an. Nan yon entèvyou li te bay Hebdo24, pwofesè Frantz Délice montre resanblans ki egziste ant kidnaping kont ranson ak esklavaj.
Esklavaj ak kidnaping, ki analoji ki genyen, nan yon pèspektiv sosyolojik ak istorik?
Esklavaj ak kidnaping se de fenomèn ki separe nan tan ak nan istwa, men ki gen resanblans paske yo gen yon baz oswa yon kontni prèske komen.
Nan esklavaj, gen kidnaping moun nan pa lafòs ak soumisyon l anba yon rejim ekonomik ak politik ki prive l de tout libète e ki fòse l fè fonksyon ekonomik ki pi penib yo san okenn lòt konpansasyon pase lojman ak manje. Nou wè baz la se privasyon libète, kontrent, itilizasyon fòs, dezimanizasyon moun nan. Eleman nou sot site yo, nou jwenn yo tou nan fenomèn kidnaping lan.
Kidnaping se yon anlèvman, yon rap, kote yo mete men sou yon moun, yo kenbe l kont volonte l pou yo chanje l kont yon ranson oswa yon konpansasyon an nati.
Nan fenomèn esklavaj ak kidnaping, gen itilizasyon fòs pou prive yon moun libète l kont volonte l. Gen aplikasyon kontrent tou, dezimanizasyon moun nan. Gen rechèch yon konpansasyon tou, swa ekonomik, monetè oswa an nati. Nan de fenomèn yo, yo refize lòt la diyite imen l, paske yo pa konsidere l kòm yon moun ankò.
Li vin tounen yon bagay yo ka chanje pou yon pwofi komèsyal.
Nou obsève nan de fenomèn yo gen yon refi pou rekonèt diyite tout manm fanmi imen an genyen, yon refi dwa egal e inalyenab ki ta dwe fondman libète, jistis ak lapè dapre « Deklarasyon inivèsèl dwa moun ».
Gen mekonesans ak mepri dwa moun, eleman ki te pouse gèrye 1804 yo leve kont sistèm esklavajis, eksplwatasyon ak kolonyal la. Ayiti te revòlte kont esklavaj, mepri dwa yo e li te vle yon teritwa kote diyite moun glorifye. Paske Ayiti te vle tè libète sa a.
Kenbe yon moun pa lafòs kont volonte l e chanje l tankou yon senp pwodwi ekonomik an 2021 se pilonnen ideyal 1804 yo, se bliye rezon ki fè zansèt nou yo te goumen e te sakrifye lavi yo, se yon fòm mekonesans istwa nou, yon amnezi istorik e kolektif.
N ap repwodui kontèks anvan 1804 la nan nouvo sik sa a, e fwa sa a se nou menm ki bouwo tèt nou.
Poukisa kidnaping, ki sanble ak esklavaj, parèt nan yon peyi ki te konnen trèt ak kolonizasyon?
Nou gen enpresyon Ayiti poko soti nan sistèm anvan 1804 la. Li ta sanble nou ranplase kolon blan yo pa lòt figi kolonyal. Se vre nou te chase kolon fransè a, men nou kenbe sistèm eksplwatasyon moun pa moun. N ap viv yon amnezi kolektif e istorik. N ap bliye oswa n ap kache jès 1804 la ak kontni emansipasyon, pwogrè ak diyite li. E sa se yon konstriksyon elit nou yo pandan ane yo.
Chwa yo mennen nou nan moman chanyè sa a nan istwa nou. Ayiti glorifye jès 1804 la, se tankou si peyi a te kanpe apati 1804 san l pa t pase pa moman esklavaj la.
Memwa esklavaj la
kache nan sosyete nou, alòske defo yo pèsiste nan sou-konsyan nou ak nan ADN nou kòm pèp. Nou kenbe eleman sistèm kolonyal la e ak tout sa nou vle antre nan mondyalizasyon ak sosyete pòs-modèn aktyèl la ki make pa konfizyon, dekonpozisyon prensip ak règleman, pèt konfyans nan valè modènite yo, sitou pwogrè, emansipasyon. Nou plase nan yon kalfou kote nou dwe chwazi swa kontinye revolisyon 1804 la, swa abandone ideyal 1804 yo, renye tèt nou e kite machin pòs-modènis la asimile nou.
Dekonstriksyon mantalite kolonyal, esklavajis e eksplwatasyon an dwe kontinye nan peyi a kòmanse lakay elit nou yo.
Èske nou ka di pèp nou an bliye, oswa menm pa konnen istwa l?
Mwen fèk eseye reponn kesyon sa a. Men mwen te vle ajoute Ayiti bliye yon pati nan istwa l, pati ki pale de soufrans ak kondisyon esklav la, e li glorifye yon lòt pati, pati glorye endepandans lan. Nou mete jès 1804 la an evidans sou do memwa esklavaj la. Gen yon pati nan istwa a ki pa glorifye. Soufrans esklavaj la, detrès esklav la, kondisyon l pa anseye, ni rezon ki te pouse l leve kont sistèm esklavajis la. Kounye a, moun ap pale de goumen kont sistèm aktyèl la; mwen panse nou dwe revizite memwa esklavaj la, mete l an evidans, pale de li, e sa ap ede nou konprann vrèman sa esklav la te andire e poukisa l te revòlte. Si nou vle revòlte kont sistèm aktyèl la, fòk nou al vizite soufrans esklav la, konprann kondisyon l e konsa nou ka vrèman fè analoji ak kondisyon aktyèl nou.
– Èske ta gen konsekans sou tisi sosyal ayisyen an?
Konsekans yo deja la. Nou obsève « mawonaj pòs-modèn » sa a, rechèch solisyon endividyèl sou do kolektif la. Sèvo, jèn, pwofesyonèl ap eseye chape yon fason endividyèl anba sistèm enjis e eksplwatasyon sa a. N ap mache nan direksyon yon lòt 1804 kounye a; nou nan faz « mawonaj pòs-modèn » nan, konsyans endividyèl ke sistèm sa a merite chanje, men sitwayen yo santi yo poko gen resous pou fè fas ak li. Y ap chèche solisyon endividyèl, y ap kite peyi a pou lòt kolektif ki pi òganize dapre yo. Tankou anvan 1804, mawonaj la te ranplase pa yon faz konsyans kolektif devan yon danje kolektif ki t ap menase tout aktè yo. Nou pral fè fas ak yon moman kote li p ap posib ankò pou chape al nan lòt syèl, lòt “el dorado”, kote Ayisyen anndan kou nan dyaspora a pral gen pou fè fas ak pwoblèm yo pou asire siviv yo nan mond twouble sa a.
Nou te obsève menm fenomèn nan ak pèp jwif la devan Hitler. Te rive yon moman kote li te nesesè pou yo gen yon patri fizik, pou yo goumen kont danje ki t ap menase yo toupatou e pou yo fè fas ak pwoblèm yo ansanm. Mwen panse n ap mache nan direksyon sa a, nan direksyon moman sa a kote Ayisyen an ta dwe goumen pou asire siviv kolektif li kòm pèp, kòm nasyon, kote nou p ap ka kouri al nan lòt syèl, kote nou dwe fè fas ak demon nou yo e venk yo definitivman, sinon nou p ap gen dwa fè pati konsè nasyon yo. E lè moman sa a rive, nou p ap pale ni de desandan nwa, milat, siryen, libanè, ejipsyen ak jwif, men n ap pale de « Ayisyen », n ap yon sèl pèp ak yon sèl nasyon. Nou dwe rive nan moman istorik sa a pou simonte defo nou yo e fè fas ansanm ak sa k ap tann nou. Nou gen yon « delè istorik » ak yon « randevou ak listwa », ak tèt nou, fòk nou pwofite l kounye a malgre difikilte yo. Se moman pou pete apse a.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




