Jedi 19 novanm 2026

Kilti

Yon konsè gratis pou selebre premye anivèsè TRIAKK

Pa Billy Doré

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Gwoup mizik rap « Règleman Afè Popilè » ap prepare pou selebre, 17 oktòb 2021, premye ane depi album li ki rele “Tribilasyon ak kè kontan” (TRIAKK) soti. Se nan Fò Nasyonal nan Kapital ayisyen an, Pòtoprens, nan lokal MOLHEGAF, vè 6è nan aswè, fanatik gwoup la gen randevou pou yon anbyans anfè.

 

17 oktòb 2020 – 17 oktòb 2021: sa fè yon ane deja depi « Règleman Afè Popilè » ap fè yon album byen konsistan vire nan kas moun ki renmen Rap. Konsa, responsab gwoup la vle make premye anivèsè sa a, ki make tou 215 ane asasina Jean Jacques Dessalines, liberatè Ayiti, ak yon konsè gratis.

Album sa a label « Bosal Mizik » pwodui gen 14 mòso, kote chak tit retrase yon dat oswa yon peryòd enpòtan nan istwa ayisyen, kòmanse ak debakman Panyòl yo an 1492.

« Règleman Afè Popilè bay tèt li vokasyon pou chante istwa pèp ayisyen an, sitou nan sans rezistans li kont pouvwa Leta. « Nan lòt mo, se chante tribilasyon nou ak lajwa nou genyen pou n viv, san nou pa fè tèt nou viktim », Mawon Anndi Èzli te soutni nan yon entèvyou li te bay Loop Haïti.

TRIAKK, akwonim “Tribilasyon ak kè kontan”, se premye album estidyo gwoup “Règleman Afè Popilè” ki te parèt an 2014 nan Fakilte Syans Imen (FASCH) anba direksyon Wedly Mozeau, Claude Ardy Julien, Vanessa Jeudi ak Jean Andy Antoine yo konnen sou tinon Mawon Anndi Èzli.

Album nan disponib sou chèn YouTube “Règleman Afè Popilè” ak sou platfòm streaming “Diskòb”.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here