Konsèy sekirite ONI a renouvle, vandredi 15 oktòb 2021 sa a, manda Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) jiska 15 jiyè 2022, sa vle di pou yon dire 9 mwa.
Desizyon sa a pran apre long diskisyon ant 15 peyi manm konsèy sekirite ONI a sou sitiyasyon aktyèl Ayiti.
Pandan reyinyon sa a, Lachin te pwofite repwoche Etazini jesyon katastwofik li sou dosye Ayiti a, pandan l afime ONI pa fè anyen pou amelyore sitiyasyon peyi a, sof gaspiye lajan gwo pisans yo, an patikilye pa l la.
Kounye a, Ayiti ap fè fas ak yon kriz ekonomik, politik, sosyal, sitou sekirite san parèy, devan li gouvènman ayisyen an rete trè pasif, menm san pouvwa. Se sa ki fè, dapre kèk aktè ki te patisipe nan diskisyon yo, moman an pa bon pou BINUH kite Ayiti.
Ann note vandredi 15 oktòb la, premye minis ayisyen an, Ariel Henry, te patisipe nan yon rankont vityèl ak konsèy sekirite ONI a. Nan pawòl li, li te montre enpwisans li devan sitiyasyon Ayiti a ak enkapasite l pou l aplike akò li siyen ak pati politik yo. An dènye, li te pwofite lanse yon apèl bay aktè politik ayisyen yo pou yo montre konsyans patriyotik.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





