Viktim yon terib aksidan machin wikenn ki sot pase a, gitaris e chantè gwoup Harmonick, Sanders Solon, pi byen. Se manadjè gwoup la, Rodney Noël, ki te konfime enfòmasyon sa a pou Hebdo 24. Premye operasyon chirijikal yo te pase byen, e byento, Sanders ap retounen sou sèn, manadjè l pwomèt.
Pandan li te fèk sot bay yon pèfòmans live ak gwoup li Harmonick nan sware VIP Sunday nan Hollywood Live, yon kamyon te frape machin atis la t ap kondi a. Kòm konsekans, entèprèt chante « Simplicité » a te gen kase nan nivo kou a.
Redaksyon Hebdo 24 te kontakte Mesye Rodney Noël sou eta sante mizisyen an. Manadjè a te kominike nouvèl ki plis pase rasirant.
« Sanders pi byen, premye operasyon chirijikal li a te yon siksè, dapre doktè l yo. Nou prese wè l sou sèn ankò e mèsi deja pou lapriyè nou », Rodney te fè redaksyon nou an konfidans.
Nan yon tan rekò, Sanders ap gen opòtinite pou l remèsye fanatik li yo pou sipò san kondisyon yo nan yon videyo. Atis la ap repoze e l ap tann limyè vèt doktè l yo pou l reprann aktivite l, toujou dapre manadjè a.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





