Nan fen jounen 31 oktòb 2021, sou rezo sosyo yo, rimè t ap sikile ki fè kwè FrankÉtienne ta mouri. Stéphane Franck Etienne, pitit fi dramatij la, te kontakte redaksyon nou an pou l bay yon demanti fòmèl sou fo enfòmasyon sa yo.
Anefè, Konsil la, Madan Stéphane Franck Étienne, te bay presizyon depi konsila jeneral Ayiti nan Boston.
Apre li te pase yon mwa ak yon jou lopital pou konplikasyon ki lye ak kowonaviris, doktè l yo te voye FrankÉtienne lakay li. Pandan l t ap repoze, yo te antre l ankò an ijans lopital pa prekosyon apre yon gwo lafyèv, pitit fi l la presize. Poutèt eta l, doktè yo deside kenbe l lopital pandan konvalesans li.
Fanmi an te sezi wè anons lanmò FrankÉtienne sou rezo sosyo yo.
Anefè, pitit fi ekriven pwolifik la, nan non tout fanmi an, bay yon demanti fòmèl sou rimè sa yo.
« Papa m pi byen. L ap pran medikaman l pou kounye a. Li pi byen. Mwen pa konprann poukisa moun ki gen move entansyon sa yo lanse nan yon batay meprizab pou simaye fo enfòmasyon. Papa m pa mouri, li toujou vivan », Stéphane te fè redaksyon nou an konfidans.
Fanmi an remèsye doktè yo ki te fè tout sa yo kapab byen vit pou kenbe Franck vivan. Li remèsye tou tout moun ki te priye pou nonm ki gen plizyè kòd nan banza l lan (powèt, mizisyen, dramatij, chantè).
Ak 85 an, FrankÉtienne fè pati moun ki kwè chanjman posib pou Ayiti.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




