Madi 17 novanm 2026

Mizik

Atis angaje Kébert Bastien siyen 4yèm album estidyo li ki rele « Barikad lanmou »

Pa Richarson Bigot

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Se sou paj ofisyèl atis la envitasyon an te lanse bay melomàn yo an jeneral ak fanatik li yo an patikilye. Anefè, jedi 18 novanm 2021, nan okazyon komemorasyon batay Vètyè, atis Kébert Bastien te siyen 4yèm album estidyo li nan lokal Jaden Sanba, ki sitiye nan Ri O. Plizyè santèn jèn, majorite yo etidyan, fanatik, sipòtè ak manm Laprès kiltirèl te pran CD yo gratis.

Avèk swen pou l pwopoze fanatik li yo yon bagay diferan, Keb, an konplisite ak Johnson Saint Cyr, rive atenn objektif sa a atravè album sa a.

12 mòso sou disk sa a; Keb te ekri tout chante yo ak melodi, anvan l kite travay aranjman an pou konpè l Johnson.

Yon gita bas, enstriman pèkisyon ak enstriman van, Keb te fè tout sa l kapab pou l ofri yon pwodwi bon kalite.

Album sa a fè yon radyografi sosyete a, dapre atis la. Li denonse nan tèks li yo barikad yo monte kont lòt barikad. Kontrèman ak album anvan yo, atis la chante lanmou sou disk sa a. Nou jwenn, pami lòt tit sou album sa a, Barika, Èzili dantò, Pour toi Aby, Piga, Pou manman m, Kontra San, Douvan lavi feat D-Fi, Lasalin, Pou chak kadav, I can feet it, Do Gita, Tankou 2 Atis, Liberté Feat Rayannah.

« Anbasad Lasvis an Ayiti te kontribye anpil nan pwodiksyon ak diplikasyon album sa a », nou ka li nan yon nòt ki pibliye sou paj Facebook reprezantasyon diplomatik la.

Ann raple Kébert Bastien se moun Sen Lwi di Nò, li te etidye sosyoloji nan fakilte syans imen, ki se yon antite Inivèsite Leta d Ayiti, ak relasyon entènasyonal nan Académie nationale diplomatique et consulaire. Pou kounye a li gen 4 album nan kont li; Merde, Pwenn fè pa, ki te soti an 2015 pou santan okipasyon an; École nord mâles ak dènye opis sa a yo rele Barikad Lanmou.

Apre piblikasyon album sa a, atis la ak ekip li deja mete kap sou yon nouvo pwojè.

« Mon général soleil, mon camoquin » se ansanm woman, tèks, atik jounal ak liy syantifik Jacques Stephen Alexis ki pral revize pou koupe tèks yo, pou konpozisyon konplè. Se sa Keb te anonse pou 5yèm album li.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here