Vandredi 20 novanm 2026

Kilti

An Chin, kremas ayisyen an genyen pri « Pi bon bwason »

Pa Darling Valentin Cabé

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Ayiti toujou gen « bon bagay » pou l ofri mond lan, malgre tout tach imaj li ap sibi sou plan entènasyonal, sitou sou plan politik.

Nan 14yèm somè komèsyal Chin-Amerik latin ak Karayib (ACL), ki te fèt soti 15 rive 17 novanm 2021, nan minisipalite Chongqing (sidwès Chin), ane sa a, Premye Repiblik nwa a te fè remake l.

« LRsKremas » te sou lis startup ki te patisipe nan evènman an nan peyi Xi Jinping, kote yo te ekspoze pwodwi ayisyen. San sipriz, pri « Pi bon bwason » an te ale bay kremas ayisyen an.

Anbasadè Dwinel Belizaire ak konseye komèsyal li John Peter César se te voye espesyal Ayiti Biwo Devlopman Komèsyal Ayiti an Chin (BDCH) te mandate pou patisipe nan somè Chin-Amerik latin ak Karayib (ACL) sa a ki vize ranfòse plis relasyon komèsyal ak envestisman antrepriz yo nan rejyon ALC.

Louvri patenarya, angaje yo ak fòs nan koperasyon nan domèn inovasyon, sipòte nèt ale ti ak mwayen antrepriz yo, fè pwomosyon entegrasyon finansye avèk efikasite, se te, pami lòt, sijè yo te debat nan 14yèm somè sa a ki gen pou objektif prensipal chèche estrateji pou bay startup yo jarèt.

Evènman sa a te okazyon tou pou diferan peyi Amerik latin ak Karayib yo prezante pwodwi lokal yo nan yon fwa. De startup ayisyen k ap evolye an Chin, LRsKremas ak Walmah Sourcing, ki espesyalize youn nan pwodiksyon kremas, lòt la nan enpò-ekspò, te patisipe an gran nan aktivite sa a.

« Degistasyon kremas ak kafe ayisyen an te fè moun kontan. LRsKremas menm te resevwa pri Pi Bon Bwason pou kremas li a, e kafe ayisyen an te resevwa kòmantè elojye pou kalite l », John Peter César, konseye komèsyal BDCH, te di ak kè kontan.

Ann note, an 2014, Stevens Charles ak Roody Jean, de jèn antreprenè ayisyen, te reyalize yon vye rèv ki se te « mete Kremas ayisyen an sou menm pyedestal ak lòt bwason ki gen alkòl ak krèm sou mache entènasyonal la tankou Baileys Irish Cream oswa Amarula ».

Anefè, kèk ekspè te dekòtike resèt orijinal la nan laboratwa; fòmil la te apwouve pa gouvènman ameriken ak kanadyen, epi yo te depoze mak komès la.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here