Soti 1ye rive 5 desanm, Phelicia Dell pral prezante Ayiti Art Miyami nan Sant Kiltirèl Ayisyen an. Se yon fwa kote gwo non lamòd ak kreyasyon ayisyen pral rankontre, pandan « Art Basel » ap bat son plen nan « Magic City ».
Phelicia Dell pa bezwen prezantasyon ankò, paske se li ki MVP lamòd an Ayiti. Tout moun ki branche konnen sa l te fè ak Vèvè Collections. Men ensekirite, pwoblèm sosyopolitik yo pouse bèl kreyatris lamòd la al etabli l Miyami kote l te pase adolesans li.
« Anyen pa mache ankò nan peyi a. Menm chèche manje pa posib nan yon peyi kote gaz manke tèlman souvan », li plenyen.
Ayiti Art se tankou yon fason pou l kenbe vivan yon abondans kreyasyon ayisyen ke jodi a moun pale de li tankou yon bagay ki pase.
Pou l reyisi pari l, li te fè apèl ak Sandy Dorsainvil, yon gran dam dyaspora Miyami, ki pasyone pou lamòd etnik, men ki tou yon sòt de « Pakapala » nan zafè òganizasyon evènman nan Florid.
« Nou vle sa bay waouh pou nou ka kontinye fè l ane k ap vini yo », Phelicia swete.
Piblik la pral kapab achte zèv Phelicia Dell, David André, Daphné Floréal, Ébène, Tipik créations oswa Murielle Leconte.
Fefe, jan zanmi l yo rele l, envite gran piblik la vin fè plen kalite e sipòte kreyasyon ayisyen an ki an bèn akoz kriz k ap frape peyi a depi kèk tan. Ayisyen kou etranje, machann atizay oswa koleksyonè k ap patisipe nan Art Basel, randevou nan Sant Kiltirèl la pou dekouvri pwodwi li prezante kòm otantik e ki vo lapenn.
An mas, li toujou gen pwojè, nan optik pou fè pwomosyon Made in Haïti, pou òganize yon bagay menm jan an, men nan lespri jounen dwa fanm.
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





