Ribrik Ciné d’Art nan Centre d’Art la ap kontinye ti chemen l. Samdi 27 novanm 2021 sa a, òganizatè yo te pèmèt patisipan yo gen yon ide sou lavi 6 fanm egzanplè peyi Dayiti atravè pwojeksyon fim “Six femmes d’exception ou le portrait de figures féminines emblématiques de la communauté haïtienne”.
Mélissa Beralus, otè “Femme, nom masculin” te envite katriyèm sòti a.
Li 3è nan apremidi. Anba yon tonèl ki byen kalm nan mitan lakou Centre d’Art ki nan Ri Roy, Pòtoprens, plizyè dizèn moun ap enstale pou yo ofri tèt yo yon moman vwayaj ak plezi.
Micheline Laudun Denis, Vivianne Gauthier, Emerante De Pradines, Odette Roy Fombrun, Madeleine Desrosiers (Tizo) ak Paulette Poujol Oriol se 6 fanm egzanplè piblik la te gen chans antre nan linivè yo. Apre pwojeksyon sa a, ekriven ak militan feminis la te koze ak piblik la pou l eseye bay pwen de vi l sou fim nan. Kesyon ak kòmantè, youn pi pètinan pase lòt, t ap tonbe sot toupatou.
Ciné d’Art se yon aktivite fim Centre d’Art ki fèt de samdi chak mwa anba direksyon Godson Antoine, ak asistans Marcia Valencia Augustin ak Marie Flore Morett. Apre chak pwojeksyon, envite a lanse nan diskisyon ak piblik la sou fim nan.
“Ciné d’Art gen pou objektif rafine e edike piblik la atravè fim li pwojte yo pou l ka antre an kontak e pran konesans istwa ki lye ak pratik kiltirèl peyi a”, Godson Antoine, responsab ribrik la, te endike. Anplis, li ajoute, li vize ede yo devlope yon kilti vizyèl atravè analiz ki fèt apre chak pwojeksyon.
An gwo, Centre d’Art la bay tèt li anbisyon pou edike, rafine kilti vizyèl manm li yo ak pa popilasyon an atravè aktivite sa a yo rele Ciné d’Art.
Ann raple, repriz Ciné d’Art se youn nan premye aktivite Centre d’Art depi nouvo Direktè l, Allenby Auguste, rive. Tout bagay te kòmanse ak pwojeksyon fim “Tiga : Haïti, rêve, possession , création et folie” Arnold Antonin, 9 oktòb 2021.
Centre d’Art se youn nan espas kiltirèl peyi a ki vrèman fè pwomosyon kilti ayisyen. Se travay akwarelis ameriken Dewitt Peters. Se yon vrè chemen pou pent ayisyen yo e li kite yon mak ki p ap janm efase sou istwa penti ayisyen. Enstitisyon kiltirèl sa a ki kreye an 1944 e ki rekonèt kòm itilite piblik an 1947 ap travay pou pwomosyon kreyasyon atistik Ayiti. Centre d’Art konsidere kòm yon vrè kreze pou boza an Ayiti.
Depi 1ye septanm 2021, Allenby Auguste alatèt sant lan kòm nouvo direktè egzekitif. Apre entwonizasyon l, li vin dezyèm Ayisyen apre Francine Murat ki prezide desten enstitisyon an.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yo




