Se sou tèm « Lòt kote » 6yèm edisyon festival teyat En Lisant lan ap òganize ane sa a. Se sa direktè atistik festival la, Eliezer Guérismé, te fè konnen pandan yon konferans pou laprès nan lokal Centre d’Art jedi 2 desanm 2021. Yon pakèt aktivite pwograme ant 13 ak 19 mwa sa a Pòtoprens.
Anefè, plizyè atis pral bay espektak pandan edisyon sa a nan plizyè kote diferan.
« Migrasyon » se tematik plizyè espektak pral ofri gran piblik la ozalantou. Dapre Mesye Guerismé, yon nonm teyat moun konnen anpil nan milye atistik la, festival sa a te kreye non sèlman pou ofri gran piblik la yon teyat gwo kalib, men tou pou akonpaye atis yo lè l mete a dispozisyon yo yon espas pwomosyon pou kreyasyon yo.
Malgre konjonkti peyi a kounye a, En Lisant te ka konte sou sipò finansye patnè ki, depi edisyon anvan yo, kenbe yon bon kolaborasyon ak ekip sa a, direktè atistik la ajoute.
Festival sa a pa konsantre sèlman sou mizansèn, paske festivalye yo pral jwenn tou konferans, pwojeksyon fim, lekti-espektak, kozri ak konsè. Nan yon semèn, gran piblik la pral regale ak yon meni byen rich ekip festival la ofri.
Moun ki enterese ka deja achte tikè yo pou yo gen aksè ak divès espektak festival la, menm si gen kèk ladan yo ki gratis.
« En Lisant » sou tout rezo sosyo yo, kidonk tout enfòmasyon sou festival la disponib la.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





