Antrepriz k ap travay nan domèn transfòmasyon, vant pwodui lokal ak distribisyon tout pwodui Ayisyen fè, « Agro6 » ap louvri pòt li pou gran piblik la 31 desanm 2021. Nan lokal li ki sitiye nan nimewo 112, Caravelle, sou wout Frè, jounen pòt ouvè sa a pral yon okazyon tou pou gran piblik la fè konesans ak nouvo pwodui ki disponib nan antrepriz sa a ki gen vokasyon pou pwomouvwa pwodui lokal yo.
Depi prèske 3 an, « Agro6 » ap enpoze l sou mache a pou sèvi popilasyon ayisyen an. Mary Darlie Laguerre ak Jameson Bernabé, ko-fondatè antrepriz la, envite gran piblik la patisipe nan jounen 31 desanm 2021 an. Se yon okazyon non sèlman pou konnen nouvo pwodui yo, men tou pou dekouvri lokal kote antrepriz la ye a.
James Bernabé, ansyen slamè ak jounalis kiltirèl nan Matin Débat sou Radio-Télé Éclair, fè redaksyon nou an konnen premye lide aktivite sa a se sipòte pwodiksyon nasyonal la epi kreye richès nan domèn agwo-endistri. PDG « Ayiti Trezò » ak ekip li pral ekspoze pwodui tankou: diven, kremas, konfiti, chanm-chanm, manba elatriye.
Ant 10è AM ak 4è, moun ki enterese yo ka vizite lokal la, li presize.
« Nou vle atire atansyon gran piblik la sou richès tè a, elvaj ak transfòmasyon pwodui yo. Nou pa ka rete endiferan anvè yon popilasyon yo abandone pandan tè a rete prensipal richès li », M. Bernabé konkli.
Pandan jounen pòt ouvè sa a, ekip « Agro 6 » ap disponib pou echanj. Jounalis yo ap gen dwa a entèvyou tou, James Bernabé pwomèt.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





