Bob Cailloux fenk lanse « Konbatan ». Li gen efè yon vrè bonm nikleyè. Rapè a pa gen pitye pou Baky ki te lanse « Magicien », 2 janvye.
Franchman, nou konseye fanatik vwa « Échec et mât » la pa koute mòso sa a sinon se depresyon total pandan plizyè semèn.
Rapè a kritike « nèg Okay » la paske li konn bay fanatik li yo poto twò souvan. An efè, plizyè fwa Baky pa kenbe pwomès li. Dènye fwa a se te 31 desanm. Fanatik yo te oblije tann pou granmesi pasaj nan 2022 pou dekouvri an premye pwodui ki p ap janm livre nan demen an. Atis la tann jou apre demen an, sa vle di 2 janvye, pou l pwopoze olye de sa yon freestyle ak eskiz ki pa sanble konvenk moun.
Bob Cailloux pwofite pou l fè egotrip li nan mòso sa a. Kòm abitid, li brandi kat pyonye l. Men li pa janm sispann kraze lòt la, li rele l « Pye kabann », « limena ». Li repran kont sib li kèk eslogan lòt la tankou « Mete limyè sou mwen ». Yon vrè asasina karaktè frè l nan rap la.
Fanatik Wendyyy yo ap jwi sou rezo yo. An efè, lènmi lènmi yo se zanmi yo.





