Lendi 16 novanm 2026

Kilti

Wilky Toussaint, yon “vrè modèl” lwen limyè pwojektè yo

Pa Richarson Bigot

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Homme noir en costume bleu foncé, bras croisés, regard confiant

« Moun ki ogmante konesans li, ogmante doulè l ». Verite sa a ki soti nan liv Eklezyas aplike pou jèn Wilky Toussaint. Malerezman! Depi prèske 3 an, natif Sen Lwi di Nò a kòmanse pibliye sou rezo sosyal yo rechèch li sou sijè divès, sitou istwa. Men, se travay li sou dosye PetroCaribe a ki mete l sou òbit. Depi li te jèn, li te konn frekante regilyèman bibliyotèk minisipal Kwadebouke ak Bibliyotèk Nasyonal la. Depi lè sa a, Wilky pran gou pou rechèch. Antretan, li te gen yon lanmou espesyal pou istoryen tankou Thomas Madiou, Lesly Manigat, Beaubrun Ardouin pami lòt, li te li liv yo prèske chak jou. Liv, jounal ki serye, rapò, se pami sous dokimantasyon jèn chèchè a itilize pou pwodui videyo l yo.

Kèlkeswa sa kèk sosyològ panse, moun pa toujou pwodui milye l. Pakou Wilky Toussaint se yon prèv. A laj 10 an, Wilky pase pifò nan adolesans li nan Belekou, yon lokalite nan komin Site Solèy. Timoun sa a te temwen okilè anpil konfli ant gang rival. An 2013, li fini etid klasik li anvan l antre sou konkou nan fakilte Agwonomi ak medsin veterinè, kote li jwenn yon espesyalizasyon nan pwodiksyon vejetal.

Redaksyon nou an kontakte l, Wilky avoue travay li yo fèt ak anpil difikilte. Li yon rapò omwen 300 paj, gade yon emisyon pandan plizyè èdtan oswa tann lontan otorizasyon yon enstitisyon pou fini yon zèv…, se pa yon travay fasil. Reyalizasyon travay sa yo mande pasyans ak entèlijans, si nou ka kwè M. Toussaint.

Kòm li te pou kont li nan rechèch, sentèz ak montaj yo, Wilky gen entansyon kounye a anseye nosyon debaz sa yo bay lòt jèn ki pral ede l nan lavni pwodui travay li yo nan yon tan rekò.

Li pwopoze tou pou l lanse nan yon kanpay pou eksplike jèn ayisyen done yo se sous richès, pandan l pran egzanp Meta ak Google ki jenere plizyè milya dola chak ane. Tout gwo antrepriz pa ka avanse san yon bon itilizasyon done, li kwè di kou fè.

Natif Nòdwès la reve yon jou jèn ayisyen, olye y ap prepare pou kite peyi a an mas pou chèche yon pi bon lavi, ap fòme plis pou travay pou bonè ak pwosperite patri komen an.

An dènye rekou, Wilky toussaint montre yon rekonesans san limit anvè tout moun ki te ede l kontinye rèv li. Sitou KOMINOTE PEACE, ki konprann byen fonde demach li yo pou pi byen sèvi kominote a. Jèn inivèsitè yo, elèv yo ak gran piblik la envite pou swiv epi apresye gwo zèv Wilky Toussaint sou rezo sosyal yo.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here