Jan sa te anonse, Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, nan kad aplikasyon akò Montana, fè eleksyon, dimanch 30 janvye 2022 sa a.
An efè, yo eli Fritz Alphonse Jean prezidan pou yon peryòd dezan, dapre tèm dokiman aktè politik ak sosyete sivil te siyen 30 out 2021 lan.
Nan fen vòt endirèk sa a, delege akò Montana yo vote an favè ansyen gouvènè bank santral la. Kidonk li eli ak 59,52% vwa yo, li bat Edgar Leblanc Fils, ansyen senatè Repiblik la, ki te jwenn 15 vòt, sa vle di 35,71% vwa yo.
An menm tan, Steven Benoît, ansyen senatè Repiblik la, eli Premye minis ak 21 vwa.
Ki pwochen etap la? Èske Premye Minis Ariel Henry ap pran zak politik sa a an kont? Anyen pa mwens sèten.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





