Lendi 16 novanm 2026

Espò

E si Marc Collat te rete…?

Pa Jean Pierre Etienne

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Kanada ap domine Eliminatwa Koup dimonn zòn Concacaf la. Premye plas ak 6 viktwa youn dèyè lòt. Ansyen selektè ayisyen Marc Collat, ki jodi a bò kote Matinik, raple semèn sa a ekip ayisyen an te pi bon pase Kanada sa gen dezan edmi. Nan entèvyou sa a li bay kòlèg nou yo nan Footkole, li envite obsèvatè yo konpare nivo de ekip yo jodi a, pandan l regrèt mank swivi ann Ayiti. Pa swivi, li vle di sa: kontinye pwojè yo kòmanse ak yon plan presi ak mwayen ki apwopriye. Kidonk kesyon an: E si Marc Collat te rete alatèt Grenadye yo… ?

Nan fen 2019, mwen menm, mwen te sijere piblikman pou renouvle kontra Marc Collat alatèt Grenadye yo. Li te gen bon rezilta e se li ki te pi byen plase pou kontinye pwojè a. Pa gen dout. Men nan limyè sa ki te pase apre, anyen pa di li te ka evite echèk 2021 yo. De rezon ka eksplike sa.

Dabò, ekip la te kòmanse montre siy feblès pandan Lig Nasyon Concacaf la ki te jwe kèk semèn apre Gold Cup 2019 la. Ayiti pa t genyen okenn nan 4 match li yo, de fwa kont Kiraso ak de fwa kont Kosta Rika, li fini dènye nan gwoup la e kidonk li desann nan Lig 2. Èske se te bès la oswa yon senp ti fèblès? Sa ka yon lòt aspè deba a nou p ap abòde jodi a.

Dezyèm bagay la, ane 2020 la te yon tounan nan foutbòl ayisyen an. Ap gen yon anvan ak yon apre, sètènman. Ant akizasyon abi seksyèl sou minè ki te sou do Dadou Jean-Bart, ki te prezidan FHF lè sa a, ankèt FIFA sou sijè a ak kowonaviris la, li te difisil anpil pou fè Grenadye yo jwe, yo pral pase tout ane 2020 la san selektè e san match. Pa sèten avèk Marc Collat nan kòmand, sitiyasyon an t ap diferan.

Long peryòd inaktivite sa a te bloke evolisyon ekip la ki pa t ka kontinye metamòfoz li. Yo kòmanse 2021 san repè, dirèkteman nan yon match Koup dimonn e ak, kòm sipò, yon Federasyon (Komite nòmalizasyon) ki pi frajil pase janm, ki pa t òganize ase e ki li menm t ap tatonnen nan moman sa a.

Anplis, jwè ki pa kontan paske yo pa t touche prim match yo. Aryere 2 an. Kidonk mwen pa sèten Marc Collat, menm ak eksperyans li, te ka tire kò l nan mitan kawo sa a. Kontèks la vrèman diferan konpare ak 2019. Souvan, moun pa konsidere ase enpòtans yon bon preparasyon pou siksè yon gwoup. Ekip 2019 la te fè yon ekselan preparasyon pou Gold Cup la.

Marc Collat gen rezon lè l di pa gen swivi nan foutbòl ayisyen an. Petèt li gen rezon lè l di Ayiti te pi bon pase Kanada sa gen 2 an edmi. Sepandan, nou ka mande si ekip ayisyen an ta kenbe avantaj sa a si li te toujou gen menm selektè a? Pa sèten, paske, depi lè sa a, dlo koule anba pon.

Pataje

Jean Pierre Etienne

Journaliste Sportif à Radio IBO depuis 2003, Jean Pierre Etienne a travaillé à la Télévision Nationale d'Haïti pendant 8 ans et à Télé Pacific pendant 2 ans. Il a couvert de nombreux évènements sportifs dont 4 Gold Cup aux Etats-Unis. Auteur de l'ouvrage "Au Coeur des Grenadiers" paru en 2020. Rédacteur Sportif à Hebdo24. Également Financier / Banquier de formation. Twitter : @jpehaiti

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here