Sou inisyativ Éditions Gouttes-Lettres, vandredi 18 fevriye 2022 sa a, otè Kav-Alye Pierre ak Hugh O. Celin ap an siyati, a 3è PM, nan Yanvalou Café Bar Restaurant, nan kè Pòtoprens. Y ap siyen respektivman “Pwason lari” ak “Rhapsodie d’ordure” ki pibliye nan Éditions Gouttes-Lettres.
Moun ki renmen literati yo gen yon bèl randevou pou kòmansman wikenn sa a. An efè, de powèt ak zanmi sa yo, Kav-Alye Pierre ak Hugh O. Gelin, pral louvri linivè powetik yo ba yo lè y ap siyen de (2) liv pwezi sa yo, pou 500 goud chak, nan yon apremidi anbyans ak konvivyalite.
Nan kad aktivite sa a, ap gen yon chita pale sou tèm “Pwezi ak vil” nan meni an. Coutechève L. Aupont, Luis Bernard Henry, Stéphana Dorval ak Ervenshy Hugo ap pran tou pa yo pou yo pote yon ti limyè sou tèm nan.
Kòm pou bay aktivite a plis koulè, siwo sou gato a, jan yo ta di, jèn dizè Wood-Kendy Louis ak komedyèn Micaëlle Charliflor pral ofri piblik la lekti sou sèn.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





