Ekip ayisyen foutbòl la ap pare pou l afwonte Gwatemala an amikal, nan Miami, 27 Mas k ap vini an. Se yon pwogramasyon ki vle di retou an premye plan pou Grenadye yo.
Ekip ayisyen an reprann aktivite l apre li te rate fenèt FIFA Oktòb ak novanm 2021 epi sa janvye 2022. Dènye match Grenadye yo remonte an septanm 2021 ak viktwa 2-0 sa a devan Jòdani an amikal nan Mwayen-Oryan.
Finalman, Gwatemala
Pou repriz sa a, advèsè Ayiti se Gwatemala. Sa te fè lontan. An efè, fò n remonte jis an 2009 pou n jwenn tras yon fas a fas Ayiti – Gwatemala. E se pito yon anomali. Pandan menm peryòd la, Ayiti rankontre tout lòt nasyon Amerik santral yo plizyè fwa e nan tout okazyon: Gold Cup, Eliminatwa Koup dimonn, match amikal.
Anpil nan rankont sa yo fè pati lejand foutbòl ayisyen an. Nou ka site sa kont Panama nan Gold Cup 2015, sa kont Salvadò an 2013, kont Nikaragwa an 2017 nan Eliminatwa Mondyal oswa match sa a kont Ondiras an 2015 nan Gold Cup. Nan lis sa a, nou ka ajoute Beliz dènyèman, an 2021, ak Kosta Rika Grenadye yo afwonte 5 fwa soti 2009 rive 2021 ak kèk batay entans ak inoubliyab. Men pa gen Gwatemala pandan menm peryòd la.
Nan preparasyon pou Lig Nasyon 2022-2023
Li enpòtan tou pou nou mansyone, pou raple, FIFA te sispann Federasyon Gwatemalteyen Foutbòl la pandan dezan, soti 2016 rive 2018 e li te enstale yon Komite nòmalizasyon. Nan menm elan an, yo te arete Brayan Jimenez, ansyen prezidan Fedefut, pou koripsyon (vant ilegal Dwa TV).
Depi lè sa a, seleksyon an reaktive ak, an 2019, yon pwomosyon nan Lig B Nasyon Concacaf. Jodi a Gwatemala se 123yèm nan lemond nan Klasman FIFA (Ayiti se 87yèm).
Ayiti ak Gwatemala ap prepare Lig Nasyon 2022-2023 k ap kòmanse an jen k ap vini an. De ekip yo nan Lig B.
Journaliste Sportif à Radio IBO depuis 2003, Jean Pierre Etienne a travaillé à la Télévision Nationale d'Haïti pendant 8 ans et à Télé Pacific pendant 2 ans. Il a couvert de nombreux évènements sportifs dont 4 Gold Cup aux Etats-Unis. Auteur de l'ouvrage "Au Coeur des Grenadiers" paru en 2020. Rédacteur Sportif à Hebdo24. Également Financier / Banquier de formation. Twitter : @jpehaiti
Tout atik li yo




