Madi 24 novanm 2026

Sosyete

Pri pwodui premye nesesite yo ap flanbe sou mache ayisyen an

Pa Darling Valentin Cabé

· Mete ajou 17 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Pwodui popilasyon an konsome plis yo monte pri. Ti detayan yo ansanm ak achtè yo plenyen pou sitiyasyon sa a, k ap vin pi difisil pou fanmi ayisyen yo, ki deja anba ensekirite alimantè.

« Pa gen vant. Kliyan yo ap vin pi ra, akoz lavi chè », Marlène plenyen, chita trankil devan machandiz li nan mache Salomon.

Pri pwodui premye nesesite yo monte yon fason ki bay tèt vire pandan dènye semèn yo. « Diri, mayi, pwa, pitimi, ble, pri tout pwodui sa yo double », swasantèn ane a eksplike nou, li klèman fache pou efè enflasyon an.

Anplis manje Ayisyen konsome plis yo, pri plizyè lòt pwodui ap monte tou, dapre yon lòt detayan, ki pale de pri lwil pou kwit manje. « Anvan, ti bidon sa a te konn vann 60 goud, kounye a fòk ou gen 200 goud pou achte l », machann nan rakonte.

E devan ogmantasyon pri pwodui yo sou mache a, achtè yo pa gen lòt chwa pase adapte yo. « Pri pwodui yo monte. Mwen achte dapre mwayen m », yon jèn demwazèl ki te vin achte pwovizyon nan mache a di.

Si pou yon gwoup machann, se ensekirite a ki anpeche agrikiltè pwovens yo voye manje nan kapital la, yon lòt kategori kwè dola a ki pa sispann pran valè sou goud la se prensipal kòz dezas ekonomik sa a.

Devan sitiyasyon sa a, machann yo ki pa konn ki sen pou yo priye kritike otorite ki la yo di, paske yo pa fè anyen pou rezoud pwoblèm nan.
« Nou pa gen yon Leta ki responsab. Chak moun se « pòch yap plen », pwoblèm popilasyon an pa enterese yo », yon lòt machann plenyen.

Akote fenomèn kidnaping k ap fè ravaj nan peyi a, ensekirite alimantè se yon lòt fleyo k ap manje popilasyon ayisyen an. Manje ann Ayiti dènye jou sa yo koute chè….trè chè.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here