Apre de an paralizi akoz pandemi Covid-19 la, festival konpa a (Haitian Compas Festival) tounen ane sa a. Evènman an ap fèt pandan de jou nan Miramar Regional Park, nan sid Florid, 14 ak 15 me 2022 ak spektak an plen lè pandan jounen an ak sware.
Pou 24yèm edisyon l, « Haïtian Compas Festival » pral resevwa yon bann gwoup ak atis ayisyen tankou Harmonik, Kaï, Nu-look, Ekip, Enposib, Djakout #1, Disip, Zenglen, T-vice, Vayb, Zikòs ak atis tankou Oswald, Darline Desca, Roody Roodboy, Kenny Haïti, Pierre Jean, Misty Jean, Thamara S., Danola ak Vag lavi, men tou Dj FMA, DJ Bullet, DJ Heavy ak Nicky Mixx.
« Ane sa a, evènman an ap fèt sou de jou: samdi 14 ak dimanch 15 me, kidonk plis plezi ak bon moman an fanmi ak ant zanmi. Evènman ou pa ka rate nan ane a nan endistri mizik ayisyen an depi li kreye », òganizatè yo ekri nan yon nòt.
Pandan y ap ankouraje patisipasyon an mas Ayisyen ki renmen mizik, responsab evènman an enfòme tikè yo deja disponib sou sit TicketMaster ak sou Eventbrite.
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





