Pandan l konsidere dans kòm yon vektè devlopman dirab, « Bagèt sans Dans Ayiti » vle bay jèn ki soti nan katye yo rele « san lalwa » ak vil ki lwen yo yon lòt posiblite pou yo montre talan yo. An efè, sant dans sa a ki baze nan Pòtoprens bay tèt li, apriyori, misyon pou ede jèn ki pasyone pou dans e ki pa gen mwayen finansye pou antre nan yon estrikti dans. Sant sa a vle, kèlkeswa sa k rive, fasilite jèn sa yo aksè a aprantisaj dans pou yo vin pwofesyonèl nan domèn nan pi devan.
Pou l atenn objektif li pou ede jèn sa yo, « Bagèt Sant Dans Ayiti » ap planifye yon sistèm parenaj ki konsiste jwenn lajan bò kote bayè fon yo. Chak jèn sa yo pral benefisye yon akonpayman sosyal ak finansye ki soti nan akseswa dans, kou dans, transpò, kolasyon, frè lekòl, rive nan frè inivèsite.
Dapre Mme Ginite Popote, PDG « Bagèt San Dans Ayiti » e pwofesè Dans tou, parenaj sa a pral favorize non sèlman reyalizasyon sosyopwofesyonèl, men l ap sèvi yo kòm eleman debaz pou entegrasyon yo nan lavi sosyal peyi a.
An menm tan, jèn sa yo pral resevwa regilyèman fòmasyon sou sijè sosyal tankou gwosès bonè, dwa timoun, vyolans sou fanm, emansipasyon fanm, pami lòt.
Pou Mme Christine Joseph, Sekretè « Bagèt San Dans Ayiti », kontribye nan redui delenkans jivenil ak gwosès bonè rete premye objektif sant lan.
Nan sant « Bagèt Dans Ayiti », gen twa (3) gwoup. Boursye yo, ki se timoun ak jèn ant 3 a 22 an ki soti nan katye difisil peyi a. Sant lan asire nèt fòmasyon pwofesyonèl yo, lekòl yo ak etid inivèsitè yo. Team Bagèt San Dans Ayiti, yon sou-konpozan Bagèt. Sant lan sipòte tou jèn dansè ak dansèz ki gen laj ant 17 ak 22 an. Yo soti nan diferan zòn, lekòl, konpayi, twoup dans nan zòn metwopolitèn Pòtoprens. Yo apwofondi fòmasyon yo an Ballet, Klasik, Dans Tradisyonèl, Afro-dans, Hip-Hop, Latin ak Jazz.
Konpayi Bagèt Sant Dans Ayiti a gen ladan l pi bon dansèz boursye Bagèt San Dans Ayiti. Yo souvan rele yo pou fè spektak, nan konferans sou dans, kou dans, monte koregrafi, pèfòmans nan videyo oswa pou anime atelye dans tradisyonèl.
Yo souvan ofri jèn manm sant lan atelye sou penti, Vèvè, teyat, tanbou, elatriye.
Yo bay kou tou pou elèv lekòl, granmoun, pwofesyonèl, timoun 3 an ak kou dans lakay.
Si pou kèk moun mizik ak espò se vektè ki ka fè jèn yo leve, Bagèt Sant Dans Ayiti estime dans se yon vektè sèten pou devlopman dirab.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





