Vandredi 20 novanm 2026

Kilti

Bibliyotèk Nasyonal d Ayiti soufle 82yèm bouji l, fikse pèspektiv li

Pa Richarson Bigot

· 3 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Nan oditoryòm prensipal Bibliyotèk Nasyonal d Ayiti, vandredi 25 mas 2022 sa a, selebrasyon an gran 82 an enstitisyon sa a te fèt. Prezidan Sténio Vincent te inogire l an mas 1940, 7 mwa apre yo te poze premye wòch la, sa vle di 9 septanm 1939.

Enstitisyon sa a, ki responsab depo legal la, gen vokasyon tou pou rasanble, pwoteje, valorize epi difize tout sa ki pibliye ann Ayiti tankou revi, jounal, trak, kat postal, estanp, CD, DVD, afich, domèn entènèt pami lòt.

An prezans plizyè Direktè jeneral, reprezantan minis, kad ak manm enstitisyon an, seremoni sa a fèt nan yon atmosfè satisfaksyon ak prezantasyon bilan Direktè Jeneral li a, M. Dangelo Néard.

Depi okòmansman, Mètrès seremoni jounen an, Mlle Rose Darline Pierre, envite Mme Taina Tranquille di kèk mo nan non tout anplwaye BNH yo. Mme Tranquille raple, lè l pran lapawòl, BNH se gadyen patrimwàn ki si rich sa a (liv la), e lwa 1940 la fè l tounen yon bibliyotèk lekti piblik nan sèvis sistèm lekòl ayisyen an. Li ajoute 44 an apre, sa vle di an 1984, yon nouvo lwa ba l pouvwa pou resevwa depo legal zèv tout ekriven ayisyen. Kidonk, bibliyotèk la se gadyen Leta pou zèv lespri yo.

Bò pa l, Direktè Jeneral Ministè kominikasyon an, M. Camille Depa, pataje ak asistans lan souvni jenès li te viv nan bibliyotèk nasyonal la.
« Tanp sakre rechèch ak konesans », se konsa li rele bibliyotèk la ki te jwe yon wòl enpòtan nan lavi l.

Anvan l bay Direktè Jeneral la plas pou diskou l, M. Guerlos Chrispin, Responsab bibliyotèk anèks Repiblik la, te kenbe pou l swete M. Dangelo NEARD, DG enstitisyon an, bòn fèt depi okòmansman. Anplis, li eksprime kontantman l pou l ka patisipe nan komemorasyon 82 an egzistans bibliyotèk la, ki se yon patrimwàn kiltirèl ak entelektyèl pou jenès etidyan ayisyen an. Li raple patwon BNH la tou nesesite pou deside sou dosye pwomosyon ak nominasyon anplwaye enstitisyon an ki ap tann depi prèske twa (3) an.

« Si chak moun gen tout libète pou l mete pwòp koleksyon liv li lakay li, si chak enstitisyon, kèlkeswa rejim li, ka konstwi bibliyotèk li epi etabli pwòp politik jesyon ak aksè l, poukisa Leta Ayiti te santi l oblije an 1940 konstwi patrimwàn sa a? » M. Dangélo Néard poze kesyon, li raple BNH te fèt pandan peryòd dezyèm gè mondyal la. Istorikman, batiman sa a ki loje zèv lespri yo se pi ansyen sou kontinan ameriken an, dapre M. Néard.

DG BNH a ba tèt li yon satisfecit pou de an li alatèt enstitisyon an.

Kad BNH yo te ka patisipe aktivman nan konstriksyon nouvo bibliyotèk nan peyi a. Lòt anplwaye benefisye gratis fòmasyon yo te pwopoze pou jesyon espas sa yo, kit se nan Ennery, nan sant kiltirèl Manno Charlemagne Kafou oswa pwojè bibliyotèk Lazil la.

Ansanm ak sektè dwa moun, kad BNH yo anime seyans fòmasyon pou prizonye nan penitansye nasyonal la. An maj atelye lekti, ekriti, ak dekouvèt zèv Jean Price Mars sa yo, yo pibliye yon liv prizonye yo ekri ansanm. Se DG a ki te gen onè pou l ekri prefas liv sa a.

Patwon enstitisyon an di li angaje l pou l travay ak ekip li pou konsève zèv yo pou jenerasyon k ap vini an. Sepandan, li mansyone nan entèvansyon l li te travay di pou de anèks ki te fèmen relouvri, san bliye rekonstriksyon bibliyotèk Jeremi an.

Bibliyotèk nasyonal la ap fè patenarya ak bibliyotèk entènasyonal tankou sa Kebèk la ki pral ba l 20 mil liv, li endike ankò.

Chantye tankou atelye nimerizasyon an ak sit la toujou an konstriksyon, paske dapre DG a, « li dwe reflete sa nou reprezante kòm peyi ».

Pandan diskisyon yo ap mache byen ak responsab UNESCO yo, rekonstriksyon bibliyotèk la rete pi gwo objektif M. Néard depi li alatèt enstitisyon sa a.

« Bibliyotèk la dwe reenvante tèt li », li konkli.

Fòk nou souliye an plizyè trè, atis, dansè, saksofonis ak Slamè, tankou Vens le penseur, te la tou.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here