Fondasyon Digicel, filyal konpayi telefòn mobil ki revolisyone telekominikasyon ann Ayiti a, fete 1ye me 2022 sa a 15 an egzistans li sou tè ayisyen (2007).
Depi li etabli nan peyi a, Fondasyon sa a afime li touche 1 355 311 moun gras a yon envestisman 79,2 milyon dola ameriken nan edikasyon, devlopman pwofesyonèl ak anpil lòt domèn atravè sibvansyon pwojè li yo.
Pou prèv, Fondasyon an bati 188 lekòl. Yo benefisye plis pase 60 000 elèv, ki gaye nan 10 depatman jewografik peyi a, se sa nou li nan yon kominike.
Anplis, Fondasyon an fè konnen etablisman sa yo souvan sitiye nan kote ki lwen e ki difisil pou rive. Gras a yon patenarya ak MENFP, Fondasyon Digicel endike li lanse yon pwogram fòmasyon pou pwofesè ak direktè lekòl e li fòme plis pase 1 700.
Edikasyon se pa sèl defi Fondasyon an ede leve ann Ayiti. Lwen de la! Entèvansyon l yo gaye nan lòt domèn e envestisman l yo pèmèt reyalize plis pase 250 pwojè, atravè patenarya alontèm ak antite k ap travay swa nan espò, nan edikasyon siperyè oswa nan sipò pou moun ki gen bezwen espesyal.
Anplis, atravè pwogram « Konbit Pou Chanjman » li lanse an 2017 la, Fondasyon an sipòte finansyèman 91 pwojè kominotè pou yon total 77 milyon goud nan domèn tankou agrikilti, elvaj, aksè a dlo, lapèch, pami lòt.
Konpayi Digicel ankouraje anplwaye l yo anpil pou yo angaje yo nan kominote yo, paske kote konpayi an ap grandi, kominote a dwe grandi tou. Li vle ofri pi plis pase sèvis komèsyal li yo, se nan sans sa a li mete konpetans resous imen l yo a dispozisyon kolektivite yo lè l envite yo patisipe nan plizyè jounen volontarya.
« Ane pase sèlman, dizuit nan jounen sa yo te fèt sou tout teritwa a. Aktivite sa yo te gen ladan yo asenisman vil, klinik mobil pou moun ki gen andikap, distribisyon twous sanitè elatriye », kominike a revele.
Nan okazyon an, Direktris Egzekitif Fondasyon Digicel la, Sophia Stransky, di li fyè de reyalizasyon Fondasyon an ak angajman l bò kote kominote yo. Li ajoute « Èd youn bay lòt ta dwe enskri nan chak grenn nan nou, mwen te temwen sipò Fondasyon an nan moman difisil pou peyi a, pandan tranblemanntè 12 janvye ak 14 out yo, anpil siklòn, sitou Matthew ».
An dènye rekou, li pwomèt angajman enstitisyon l ap dirije a ap kontinye, pandan l pwofite okazyon an pou anonse anpil inisyativ pral pran ane sa a pou make peryòd sa a, men tou pou konfime volonte Fondasyon an pou kontribye nan yon pi bon demen pou Ayiti.





