Jedi 26 novanm 2026

Jistis

Ayiti: « Pwoblèm Matisan an pral rezoud byento », Frantz Elbé pwomèt

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

An efè, nimewo en Polis Nasyonal d Ayiti a bay garanti sa a, lendi sa a, pandan yon konferans pou laprès, kote li mande popilasyon an pran pasyans. Dapre Frantz Elbé, gouvènman an ak polis la ap travay di sou sitiyasyon yo konsidere espesyal sa a.

« Fòs lòd yo pral pousuiv nenpòt bandi, e polis la pa gen pou l kolabore ak okenn gang », chèf enstitisyon polisye a deklare tou. Frantz Elbé pwomèt pou l retabli lapè nan zòn gang yo kontwole epi pèmèt sitwayen ki te kouri kite zòn nan retounen lakay yo.

Ansyen enspektè jeneral PNH a gen entansyon fè diferan antèn polis bandi ame yo te sakaje ak kraze yo fonksyone ankò.

Bilan Frantz Elbé

94 bandi abat, anviwon 5 mil arestasyon, plis pase 200 zam afe konfiske, 25 kilo kokayin ak yon bato konfiske, 21 machin rekipere. Men bilan sis premye mwa Frantz Elbé alatèt Polis Nasyonal d Ayiti. Nan konferans pou laprès lendi a, direktè jeneral a.i PNH a enfòme tou fòs lòd yo sezi swasanndizuit mil senksan ven (78 520) dola ameriken ak trannkat milyon desan vennsenk mil senksan swasannkenz (34 225 575) goud anba kòmandman li.

Kòmandan an chèf la, ki souliye li te pran rèn enstitisyon an nan yon kontèks sosyopolitik difisil, di li kontan li rive mete polisye yo an konfyans lè l kreye yon amoni ant wo kòmandman an ak baz PNH a. Nimewo en PNH a endike gen dispozisyon k ap egzekite pou ranfòse kapasite operasyonèl PNH a ak amelyore kondisyon travay polisye yo.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here