Mèkredi 25 novanm 2026

Jistis

Ensekirite k ap grandi: Caribe Tours sispann vwayaj li yo ann Ayiti

Pa Bernadin Jules

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Pouvwa gang ame yo ann Ayiti sanble pa gen limit. Pou prèv, bandi k ap gouvènen nan komin Kwadebouke pouse konpayi otobis Caribe Tours sispann vwayaj li yo ann Ayiti, vandredi 13 me 2022 sa a.

Se medya dominiken Calientes del Sur ki rapòte enfòmasyon an, pandan l site yon gwo responsab konpayi Caribe Tours.

Ann siyale konpayi sa a fè transpò Repiblik Dominikèn/Ayiti. Dapre enfòmasyon ki disponib, Caribe Tours fè kat vwayaj chak jou Pòtoprens ak youn Okap (Nò).

Ann raple, gwo gang Kwadebouke a te fenk detounen yon otobis ak plizyè pasaje abò l. Gras a diligans polis ayisyen an, yo te rekipere machin nan.

Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here