Òganizasyon Nasyonzini ki sanble pa bay kawo k ap gouvène Ayiti anpil enpòtans, ap ede premye Repiblik nwa a konte mò li sepandan. Vre, dapre ONU, ant 8 ak 17 jiyè 2022, plis pase 471 moun te mouri, blese oswa disparèt. Anplis, Òganizasyon an di li anrejistre gwo ensidan vyolans seksyèl kont fanm ak tifi, ansanm ak tigason gang yo rekrite.
Pandan tan sa a, 3 000 moun kouri kite kay yo, pami yo plizyè santèn timoun ki pa akonpaye, pandan omwen 140 kay te detwi oswa boule, dapre dènye bilan ONU a.
An dènye rekou, li souliye difikilte abitan Site Solèy yo genyen pou jwenn aksè ak swen sante, paske anpil sant sante fèmen epi aksè pèsonèl medikal la nan zòn nan trè limite.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





