Lendi 23 novanm 2026

Politik

Otorize pou mande èd yon fòs ame etranje, Ariel Henry fè yon pa nan direksyon ONU

Pa Bernadin Jules

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Jodi a plis pase tout tan, kominote entènasyonal la se dènye kat Gouvènman de fakto a. Vre, 48 è apre tout Minis yo otorize l mande entèvansyon yon fòs entènasyonal espesyalize ame ann Ayiti, Ariel Henry ekri fòmèlman Sekretè jeneral Òganizasyon Nasyonzini (ONU), 9 oktòb 2022, pou fè demann lan.

« Nan non gouvènman mwen gen onè dirije a e nan non pèp ayisyen an mwen fè apèl a solidarite aktif peyi zanmi Ayiti ki gen kapasite pou deplwaye san reta yon fòs espesyalize ame entènasyonal pou fè fas ak kriz imanitè a, sitou lè l asire lib sikilasyon dlo, gaz, manje ak founiti medikal soti nan prensipal pò ak ayewopò yo rive nan kominote yo ak etablisman swen yo », chèf gouvènman de fakto a ekri António Guterres.

Pou eseye jistifye demann li, newochirijyen 72 an an mete devan « sitiyasyon ki mennen nan arè total distribisyon gaz sou tout teritwa a epi ki lakòz kèk lopital ak lekòl fèmen, arè estasyon ponpaj yo ki fè li enposib pou bay dlo potab nan plizyè zòn, sitou nan katye defavorize kote yo anrejistre yon retou kolera, maladi yo pa t siyale okenn ka depi plis pase twazan; vyolans gang yo ki koze rate kèk pwodui alimantè debaz; aktivite yo ki prèske kanpe ak ekonomi peyi a ki toufe ».

« Anpil lòt aksyon pral dwe antreprann sou plan sosyal ak ekonomik pou atenn objektif sa yo yon fason dirab. Yon sipò pou rive jwenn yon konsansis nasyonal ki pèmèt nou fè eleksyon enklizif, onèt e demokratik ant tout fòs vivan nasyon an nesesè tou », Ariel Henry konkli nan lèt sa a, ki pa konsidere vwa k ap leve ann Ayiti kont tout fòm okipasyon etranje.

Pataje

Bernadin Jules

Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here