Lanse nan yon kontèks difisil 1ye oktòb ki sot pase a, 7yèm edisyon Festival Kenzèn entènasyonal andikap ak kilti a fini samdi 15 oktòb sa a. Dapre Molière Adely, responsab kominikasyon Kenzèn nan, òganizasyon evènman an te yon siksè malgre tout bagay.
Responsab Productions Théâtre Toupatou yo fèmen, samdi 15 oktòb sa a, 7yèm edisyon Kenzèn Entènasyonal Andikap ak Kilti a nan restoran Yanvalou. Pou fèmen festival la, te gen plizyè pèfòmans atistik pami yo chou dans, yon lekti powetik an bray. Lakou restoran Yanvalou a te plen moun. Piblik la te reponn apèl la pou vin asiste chou dans Syla Danse Académie ansanm ak prezantasyon atis tankou komedyèn ak kontèz Cindy Pierre-Louis, kontè Swenskido Jean-Baptiste, vyolonis Samuel Emile ak chantè Edlens Ulysse.
Ane sa a, festival la te fèt otou tèm: “Atizay nan sante mantal pou dekouvri tèt ou”. Dapre Molière Adely, responsab kominikasyon festival la, yo te debat tèm sa a pandan tout kenzèn nan soti 1ye rive 15 oktòb atravè konferans ak pwojeksyon-deba gras ak sipò Inisyativ Sante Mantal Ayiti (ISMA). “Tèm sa a sèvi ekip Kenzèn nan kòm pretèks pou atire atansyon piblik la sou pwoblèm maladi mantal yo pou yo adopte yon konpòtman responsab”, Adely endike, li esplike gen moun nan popilasyon an ki viv evènman terib ki ka afekte sante mantal yo.
Kenzèn nan òganize nan yon kontèks difisil. Ensekirite, kidnapin ak rate gaz, deplasman pa t fasil. Dapre Molière Adely, kriz gaz la te fòse òganizatè yo adopte lòt estrateji. “Deplasman te ekstrèmman difisil, sitou paske n ap travay ak moun ki an sitiyasyon andikap. Pou rezoud sitiyasyon an nou te oblije pran an chaj atis yo ak lòt moun ki an sitiyasyon andikap ki patisipe nan atelye fòmasyon nou yo. Sa ki rete nan zòn metwopolitèn nan, nou te loje yo nan yon espas nan Pòtoprens epi nou te asire deplasman yo pou diferan aktivite Kenzèn nan”, li bay detay pandan l remèsye FOKAL, OIF, UNFPA, IDEH, elatriye pou sipò yo. Li pwofite tou pou salye travay san fot ekip lojistik festival la ki te angaje kò ak nanm nan kowòdinasyon aktivite yo.
Pandan kenz jou, ekip òganizatè festival la reyalize anpil bagay. Plis pase yon dizèn atelye te òganize nan plizyè domèn atistik tankou dans, teyat ak eskilti nan ajil, pou plizyè dizèn jèn. “Yon dizèn atis an sitiyasyon andikap montre piblik la talan yo pandan espektak yo”, Adely konfye, li jere kominikasyon festival la depi dezan. Li site komedyèn ak kontèz Cyndie Pierre-Louis, kontè Swenskido Jean-Baptiste, vyolonis Samuel Emile ak komedyen e antreprenè Géraldo Prunier.
Dapre mesye Adely, mete atis ki an sitiyasyon andikap anba limyè pwojektè yo se youn nan prensipal objektif Productions Théâtre Toupatou ki lanse, depi 2015, Kenzèn Entènasyonal Andikap ak Kilti a. “Kenzèn Entènasyonal Andikap ak Kilti a se yon espas ekspresyon atistik enklizif. Se yon espas kote atis ki an sitiyasyon andikap, ansanm ak atis ki pa viv ak andikap rankontre. Se yon espas rankont ak aprantisaj. Se pou sa nou òganize atelye fòmasyon, konferans, pwojeksyon-deba ak espektak vivan”, ansyen jounalis jounal sou entènèt Enquet’Action la esplike.
Ane sa a festival la fèt nan Pòtoprens, nan Laskawobas ak nan Gonayiv. 9 oktòb ki sot pase a, abitan Laskawobas yo te gen chans gade espektak “Pwen entèwogasyon” anba direksyon Chelson Ermoza ak asistans komedyèn Abydarlyne Jouth ak koregraf Rony Joseph. Se te yon espektak restitisyon yon atelye teyat ak dans yo te fè ak jèn ki an sitiyasyon andikap nan Sant kiltirèl Lawouze, Molière Adely rapòte. Pou li, òganizasyon kenzèn nan te yon siksè. “Nou trè satisfè pou siksè evènman an ane sa a malgre kontèks difisil li te fèt ladan l. Piblik la te la. Moun yo renmen diferan espektak nou yo”, Molière Adely konkli, ak fyète.
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





