Mèkredi 25 novanm 2026

Kilti

Fini ekspòtasyon mango Ayiti pou Etazini!

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Efè kriz sosyopolitik ak ensekirite a gwo anpil. Ayiti ap mouri piti piti. Se pi piti sa nou ka di. Nan yon lèt yo voye bay Prezidan Asosyasyon Nasyonal Ekspòtatè Mango (ANEM), Ralph Perry.

Sèvis Enspeksyon Zoosanitè ak Fitosanitè Etazini (APHIS) anonse fen pwogram prekontwòl mango yo, anvan ekspòtasyon fwi sa a sou tè ameriken.

« Dapre konvèsasyon nou nan telefòn 13 oktòb 2022, lèt sa a vize enfòme ANEM, APHIS pral fèmen pwogram prekontwòl mango ann Ayiti daprezan fen mwa janvye 2023 », responsab APHIS yo deklare nan lèt sa a.

Agravasyon klima sekirite a ann Ayiti, anons Anbasad Etazini ki mande sitwayen li yo pa vwayaje ann Ayiti, se rezon sa yo ki motive desizyon APHIS la.

« N ap pran mezi sa a akòz agravasyon defi yo ann Ayiti… Li konfòm ak enfòmasyon nou resevwa nan men anbasad Etazini nan Pòtoprens. Konnen sekirite anplwaye nou yo se pi gwo enkyetid nou. Nou disponib si nou gen kesyon pandan peryòd tranzisyon sa a », APHIS endike san detou, li mete estabilizasyon klima sekirite peyi a kòm kondisyon obligatwa pou pwogram nan rekòmanse.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here