Evèk emerit Pòdepè, Monseyè Frantz Colimon ale. Apre plizyè jou nan lopital Saint-François de Sales, nan kapital la, li rann nanm, byen bonè, vandredi 4 novanm 2022 sa a.
Kominote Sen Lwi Mari Grignion de Montfort (montfortyen yo) an dèy. Youn nan pa yo, Mgr Frantz Colimon pati pou lòt bò a, a laj 88 an.
Li fèt nan vil Gonayiv 10 jiyè 1934, Mgr Frantz Colimon te òdone prèt 11 fevriye 1962 pou kominote Sen Lwi Mari Grignion de Montfort (montfortyen yo) epi li pran retrèt li an 2008.
E depi lè sa a, “li te mennen yon lavi ki plis retire nan lapriyè entans nan Fwaye charite Sent Mari sou wotè Kanapevè nan Pòtoprens”.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yo




