
Pami 10 finalis pre-jiri Pri Découvertes RFI a kenbe pou edisyon 2022 a, gen yon Ayisyèn, ki rele Magdaline Mytil. Li prèt pou l resevwa pri li epi fè drapo peyi a flote nan nivo entènasyonal.
Magdaline Mytil, yo chwazi pami 60 kandida Pri Découvertes RFI a, te chwazi apre deliberasyon kolèj koute France Médias Monde yo apre reyinyon pre-jiri 14 oktòb ki sot pase a.
Menm jan ak abitid, pèfòmans kandida yo pral fèt nan twa etap: apresyasyon ak vòt gran jiri a ke atis Yemi Alade pral prezide ane sa a ak tou vòt gran piblik la.
Pandan n ap tann yo anonse non laureya a 18 novanm k ap vini an, piblik ayisyen an ka, depi kounye a, kòmanse vote pou Magdaline Mytil. Vòt yo pral fini 16 novanm anvan minwi.
Kòm rapèl, Magdaline Mytil pa premye Ayisyen ki finalis pou pri prestijye sa a. Dènyèman, pou edisyon ane pase a, Kébert Bastien te kenbe tou.
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





