Mèkredi 25 novanm 2026

Kilti

Moun ki pale kreyòl yo envite kontribye sou Wikipedya an kreyòl ayisyen

Pa Hebdo24

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Nan plizyè peyi frankofòn, enkli Ayiti, peryòd ki soti 1ye rive 31 oktòb toujou konsakre a lang kreyòl la. Epi, dat 28 oktòb la retni kòm jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Pou ane sa a, Wikimédia Haïti òganize pou premye fwa mwa Wiki Kreyolo a.

Mwa Wiki Kreyolo a se yon apèl pou kontribisyon an kreyòl ayisyen, dapre prensip fondatè Wikipedya.

Kanpay sa a, ak tèm: « Ann ekri listwa Dayiti nan lang kreyòl ayisyen », vize pèmèt lang kreyòl la plis prezan sou entènèt, sitou sou Wikipedya.

Inisyativ sa a vle ankouraje kontribitè ajoute oswa amelyore kontni ki gen rapò ak Istwa Ayiti, nan lòd kwonolojik (anvan kolonizasyon, pandan peryòd kolonyal la, pandan okipasyon ameriken an, Diktati Duvalier yo ak apre 86). Tout dokimantasyon ki gen rapò ak ewo Endepandans yo, gason ak fanm ki make istwa a oswa ki te okipe yon fonksyon politik byenvini.

Dapre Handgod Abraham, prezidan asosyasyon an, kanpay sa a pa rezime sèlman nan evènman politik, men li lye tou ak tèm tankou syans, jewografi, kilti, literati, ekonomi, elatriye. Nan menm sans lan, Aterson’n Sainval, sekretè-trezorye Wikimédia Haïti, estime se yon nesesite pou konnen plis sou ansiklopedi lib la, non sèlman pou mete konesans disponib pou moun ki pale kreyòl yo men sitou pou pèmèt lang kreyòl la rete vivan.

Pou sansibilize jèn Ayisyen yo pote kontribisyon yo sou Wikipedya, plizyè atelye fòmasyon ak kontribisyon te fèt nan Petyonvil, nan Ench, nan Ti Gwav ak nan Jakmèl pandan mwa oktòb 2022. Yo envite moun yo kontribye sou ansiklopedi ki an aksè lib la. Pou jwenn Wikipedya an kreyòl ayisyen, fò w tape ht.wikipedia.org. Y ap bay pri nan kòmansman mwa novanm 2022 pou pi bon kontribitè yo. Kritè patisipasyon yo se: moun ki enterese a dwe kreye yon kont sou ht.wikipedia.org. Apre sa, kontribye pou kreye 10 atik ki poko sou Wikipedya oswa modifye sa ki egziste deja (lè w ajoute lyen, referans ak lòt kontni pètinan) pou rann ansiklopedi a pi rich.

Wikimédia Haïti se yon asosyasyon volontè wikimedyen ak wikimedyèn ayisyen ki rasanble otou yon objektif komen ki se amelyore prezans Ayiti nan diferan pwojè Wikimédia pandan l ap kontinye tout gwo objektif Fondasyon Wikimédia.

John Peter ADOLPHE
johnpeteradolphe@gmail.com

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here