San sipriz, yon sondaj fim Diagnostic Development Group S.A fè revele 69% moun yo kesyone dakò pou yon fòs etranje entèvni ann Ayiti pou mete fen ak rèy gang yo, rezoud kriz sekirite a.
Aliyans pou Jesyon Risk ak Kontinwite Aktivite yo (AGERCA) kòmandite l, li pibliye nan kolòn jounal Le Nouvelliste, sondaj sa a fèt sou yon popilasyon ki gen 18 an oswa plis, yo kesyone pa telefòn, akòz kriz sosyopolitik aktyèl la.
« DDG gen yon baz done senk mil nimewo telefòn yo ranmase nan yon pwosesis syantifik sevè nan chwa patisipasyon nan yon ankèt. Nou sèvi ak metòd o aza », pwofesè Luckny Zéphyr ki prezante rezilta yo souliye.
71 % moun yo kesyone pa kwè enstitisyon polis la (PNH) gen mwayen materyèl ki nesesè pou pèmèt peyi a jwenn yon klima sekirite ankò, toujou dapre sondaj sa a ki revele 79% moun yo sonde estime fòs lòd ayisyen yo bezwen sipò yon fòs.
Fò n note pou fè sondaj sa a, fim Diagnostic Development Group S.A kesyone 1327 moun, 55 % ladan yo se gason.
Fondateur de Hebdo24 en février 2021, Phanord Cabé en est le directeur de la publication et le rédacteur en chef. Il définit la ligne éditoriale du média et suit de près l'actualité politique, judiciaire et diplomatique d'Haïti.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





