Mèkredi 25 novanm 2026

Jistis

Pou Emmelie Prophète, Kanada ap ralanti Ayiti nan batay li kont ensekirite

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Machin blende Ayiti kòmande nan men yon antrepriz kanadyen ap rive gout pa gout. Se sa minis a.i Lajistis ak Sekirite piblik la, Emmelie Prophète Milcé, regrèt, li revele majorite machin sa yo poko livre.

Vre, sou plis pase yon dizèn machin blende Gouvènman ayisyen an kòmande nan kad batay kont ensekirite a, mwens pase mwatye rive sou tè ayisyen.

Pandan yon entèvyou li bay Radyo Magik 9, lendi 13 mas 2023, Minis Lajistis ak Sekirite Piblik la regrèt founisè a pa kenbe pawòl li anvè Ayiti. Yon sòti ki sanble ak sa jounalis Lemoine Bonneau te fè, yo te revoke nan pòs Sekretè redaksyon li nan jounal Le Nouvelliste paske li te trete anbasadè Kanada ann Ayiti, Sébastien Carrière, kòm « mantò ».

Dapre ekriven ki vin manm Gouvènman Ariel Henry a, Polis Nasyonal d Ayiti te etabli yon plan estratejik sekirite pou debloke kèk zòn gang ame yo kontwole, men reta nan livrezon an afekte plan polis la anpil.

Pandan tan sa a, Etazini mande Kanada pran lidèchip yon fòs miltinasyonal pou ede Ayiti soti anba jouk bandi ame yo, men Kanada refize reponn pozitivman, li bay pretèks lame li angaje bò kote Ikrèn, ki an lagè kont Larisi.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here