SunAuto S.A, ki loje Konsila onorè Jamayik an Ayiti, te piye e boule, nan nwit 12 pou 13 jen 2023. Kidonk, Gouvènman jamayiken an te oblije sispann sèvis konsilè l an Ayiti.
« Nou konnen konsesyonè SunAuto nan Pòtoprens te piye e boule pa gang yè swa. Kòm Konsila Jamayik la te la tou, sèvis konsilè yo sispann pou yon dire ki pa detèmine », minis afè etranjè Jamayik la, Kamina J. Smith, tweete, li menm ki prezante senpati l bay fanmi ak anplwaye konsil la ki se tou youn nan pwopriyetè SunAuto S.A.
Remake, rezidan Tabarre yo konnen lanfè madi swa, kote bandi kidnape moun, piye plizyè kay. SunAuto, konsesyonè machin Honda & Hyundai, ki nan zòn nan, te piye e boule. Bilan an lou, dapre responsab yo ki jiska madi sa a poko te gen nouvèl ajan sekirite ki te sou plas yo.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Wotasyon diplomatik: Raina Forbin devan ka Pascale Guéry, 37 an nan anbasad Sendomeng
20 nov
Forum Pari sou lapè: minis Raina Forbin mande pou kominote entènasyonal la mobilize plis pou Ayiti
12 nov
Bukele mande Ayisyen reprann kontwòl peyi yo epi prezève eritaj Desalin
4 nov
Alix Didier Fils-Aimé plede pou ranfòse relasyon ant Ayiti ak Espay
12 okt





