Konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la pa abitan Nòdès (Ayiti) fè Dominiken yo fache, yo menm ki pran mezi drastik kont Ayisyen. Apre plizyè jou silans, Gouvènman Ariel Henry pwononse l sou dosye a.
« Ministè Afè etranjè enfòme popilasyon ayisyen an Gouvènman ayisyen ak dominiken an deside, an komen akò, pou yo reyini nan Santo Domingo, mèkredi 13 septanm 2023, atravè Tab Idrik Binasyonal Komisyon Mikst Bilateral la pou jwenn yon solisyon jis e definitif pou pwoblèm itilizasyon ekitab resous dlo yo pataje nan Rivyè Masak la, dapre preskripsyon Trete Lapè, Amitye ak Abitraj 20 fevriye 1929 la », nou ka li nan yon nòt pou laprès ministè Afè etranjè a, ki rann piblik mèkredi 13 septanm 2023 sa a.
Anplis, MAE pwomèt pou l kenbe popilasyon an enfòme sou rezilta rankont sa a.
Remake, otorite dominiken yo te anonse lendi pase a fèmti fwontyè a ak Ayiti bò Dajabón ak sispansyon viza pou sitwayen ayisyen jiskaske yo bay nouvo lòd. Mezi drastik sa yo, pòtpawòl prezidans lan, Homero Figueroa, anonse, te pran apre yon rankont Konsèy nasyonal Sekirite sou teritwa vwazen an, prezidan Abinader te dirije, medya dominiken yo rapòte.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Akò sekirite ant Ayiti ak Salvador: Alix Didier Fils-Aimé mete ijans nasyonal la devan enkyetid Amnesty International
sa gen 6 èdtan
Wotasyon diplomatik: Raina Forbin devan ka Pascale Guéry, 37 an nan anbasad Sendomeng
20 nov
Forum Pari sou lapè: minis Raina Forbin mande pou kominote entènasyonal la mobilize plis pou Ayiti
12 nov
Bukele mande Ayisyen reprann kontwòl peyi yo epi prezève eritaj Desalin
4 nov





