Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick klè e san detou: Premye minis Ariel Henry dwe bay demisyon paske li pa montre bòn volonte pou rezoud kriz ayisyen an.
« Nou p ap bay Ariel Henry okenn sipò. Sitiyasyon peyi a vin pi grav depi li rive sou pouvwa a. Li refize negosyasyon pou yon gouvènman tranzisyon. Sa ranfòse lide li dwe bay demisyon », depite Sheila Cherfilus-McCormick deklare nan yon entèvyou li bay medya La Voix de l’Amérique.
Pou li, mete sou pye yon gouvènman tranzisyon san prezans moun ki okipe Primati a kounye a se yon enperatif. « Ariel Henry pa fè anyen pou pwoteje popilasyon ayisyen an », li denonse.
An dènye, reprezantan Eta Florid la nan Chanm Reprezantan an mansyone Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite a ta dwe deplwaye byento an Ayiti, san li pa bezwen bay Gouvènman Ariel Henry a sipò.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





