Vandredi 27 novanm 2026

Politik

Zafè Jovenel Moïse: jij enstriksyon an fè odisyon Ariel Henry

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Premye Minis, Ariel Henry, reponn, madi 26 desanm 2023 sa a, kesyon jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse la. Jij enstriktè a deplase lakay Chèf Gouvènman an pou l tande l.

Newochiriyen an fè odisyon kòm temwen, apre òdonans espesyal Konsèy minis yo 19 desanm 2023 la, ki otorize plizyè gwo fonksyonè Leta, tankou Premye minis la, minis ak gwo komi Leta, pou lajistis tande yo nan kad ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moïse.

Chèf gouvènman an bay ton an, pandan l reponn kesyon jij enstriktè ki responsab dosye a, dapre sa Primati a rapòte.

« Se prèv, nan peyi nou, pèsonn pa anwo lalwa e se devwa nou tout pou nou fè sa ki nan pouvwa nou pou jistis rann pou Prezidan Moïse, fanmi l ak tout nasyon an », Dr Ariel Henry deklare.

Premye minis la di li gen konfyans nan lajistis. Ak desizyon sa a pou yo poze l kesyon sou dosye sa a, li deklare zak sa a se manifestasyon volonte l pou verite a parèt nan zafè ki fè mal sa a.

Remake, lajistis te jwenn tras apèl ki te fèt nwit asasina Jovenel Moïse la, ant Joseph Félix Badio ak Premye minis aktyèl la Ariel Henry.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here